
Peterson Benjamin Noel
@PetersonBNoel • 4,913 subscribers
Père, Economiste I Diplomate l Trade Policy Expert l CEO @WOULIBrideshare I Consultant at BNJ CONSULTING I Podcast BNJSHOW I l'Economique sur radiomagik9
Shorts
Videos

Semen pase a anpil moun nan kominote an te agrese vèbalman Me Dr #WinnieJeanPierre lèl tap atire atansyon nou de sityasyon ki dekri nan videyo sila. Se tris lè nou wè anpil moun prefere tande manti pou kalme doulè olye jwen laverite pou ampeche plis doulè
Peterson Benjamin Noel15,398 views • 1 month ago

7350 gourdes pou yon plat fritay, 2 shot rhum ak 2 byé + yon twoubadou live Anpil moun kapab panse ke li chè anpil si nou konsidere nivo salè moun yo ki ap viv nan peyi a. Men lew konsidere montan sila an dola ameriken li bay 56$ USD . Pa gen anken kote sou latè 2 moun ap ka manje nan youn nan pi gwo restoran nan yon vil kote kew yo depanse 56$ usd , pandan wap tande mizik live. Jis imajine ke peyi a stab , gen sekirite kouman dyaspora ak touris etwanje ki gen plis aksè ak lajan kapab rantre nan peyi epi vini pase bon moman. Se job ki pa genyen , kifè pa gen rcihes
Peterson Benjamin Noel38,338 views • 9 months ago

Malgre misye pale Anglè pi byen ke kreyol, ou pa wel ap melanje lang yo
Peterson Benjamin Noel40,351 views • 1 year ago

Nouvo dekrè elektoral la mande 30 mil manm pou yon pati politik kapab patisipe nan eleksyon yo. Men lè w fè kalkil la, kestyon an pa sanble enposib jan anpil moun ap prezante l la. Si yon pati vle prezan nan tout eleksyon yo : * 1 kandida prezidan * 30 senatè * 119 depite * 447 kandida pou meri Sa fè prèske 600 kandida sou tout teritwa a. Sa vle di chak kandida ta sèlman bezwen mobilize anviwon 50 moun pou rive nan 30 mil manm yo.Vrè kestyon an se pa sèlman kantite a. Se pito : èske pati yo vrèman gen yon baz reyèl sou teren an ? #Ayiti #PolitikAyiti #DekreElektoral
Peterson Benjamin Noel12,888 views • 4 months ago

🇭🇹 Refleksyon sou 40 Jou Jèn ak Reyalite Ayiti an 2025 🇭🇹 An 2025, pandan tout lòt peyi ap fè efò pou modènize sistèm edikasyon yo, kreye opòtinite travay, e amelyore lavi sitwayen yo, gen pastè k’ap repete menm diskou: “Si w gen dosye imigrasyon, biznis ou pa mache, egzamen pou pase, vin fè 40 jou jèn.” Diskou sa yo, ki souvan pa ofri solisyon konkrè, kenbe anpil konpatriyòt prizonye nan espwa mistik, olye yo motive yo pou pran aksyon konkrè pou chanje lavi yo. Pastè Gregory parèt tankou yon moun: 🟥Ki te etidye di pou li vin sa li ye jodi a, 🟦Ki te fè anpil efò pou li vin popilè, 🟦 E petèt menm ki te antre Ozetazini legalman. Kilè nou pral sispann eksplwate feblès ak soufrans malere yo anba non Bondye? Anvan ou fè kòmantè negatif sou sa m’ap di a, pran tan reflechi sou kesyon sa a: Èske Ayiti pa vin pi mal depi n’ap fè jèn 40 jou chak ane, san okenn chanjman estriktirèl?
Peterson Benjamin Noel29,098 views • 1 year ago

Ambasadè prezante pwoblem Ayiti a pi byen ke pwop dirijan li yo
Peterson Benjamin Noel10,495 views • 7 months ago

Leslie Delatour te yon figi kle nan ekonomi Ayiti, men anpil moun panse ke desizyon li yo te kontribye nan detwi pwodiksyon nasyonal la. Nan videyo sa a, nou analize politik ekonomik li yo, enpak yo te genyen sou sektè agrikilti, endistri, ak komès Ayiti. Eske li te reyèlman detwi kapasite pwodiksyon Ayiti a, oswa eske li te fè fas ak yon sitiyasyon ekonomik difisil li te oblije jere?
Peterson Benjamin Noel18,150 views • 1 year ago

Etazini rekrite pifò moun ou wè kap enflyanse la vi moun nan peyi Ayiti
Peterson Benjamin Noel16,501 views • 1 year ago