
Prince TV
@PrinceTv509 • 61,212 subscribers
📰 Actualité • 🗳️ Politique • 🎭 Culture L’info qui fait parler | Analyse | Décryptage | Vérité 📣L’actualité. L’analyse. L’essentiel. 📞 +509 4930 1450
Shorts
Videos

📍Kap Ayisyen • Eleksyon • Dominque Dupuy Enskri Poul Kapab Vote Ansyen Minis Afè Etranjè a , Dominique Dupuy te lakay li nan vil Kap Ayisyen pou li antre non li nan rejis elektoral la pou li kapab ranpli devwa sivik li nan eleksyon ki gen pou fèt an desanm kap vini la. Ansyen Minis la te gen on foul moun ki vinn enskri avèl, li te pwofite pale ak kèk jounalis ki te sou plas.
Prince TV78,400 görüntüleme • 12 gün önce

📍TiGwav • Ekonomi • Banking • Aktyalite SOGEBANK NAN CHO: YON SITWAYEN PÈDI 13 MIL DOLA AMERIKEN SOU KONT LI Gen gwo pale anpil nan SOGEBANK aprè yon Sitwayen ki rele Gamall Francillon pèdi yon gwo sòm lajan ameriken sou kont li. Francillon debake nan sikisal bank la ak jij de pè pou vin fè konsta paske depi lè kòb la disparèt sou kont li bank la pa sispann woulel pandan lajan an pa janm retounen sou kont li. #PrinceTV Fon ti founi je gade 👇🏽🎥
Prince TV32,986 görüntüleme • 11 gün önce
0:34
Sensitive content
This media may contain sensitive content.

📍Kanapevè | Enfòmasyon Sekirite Jodi 23 Jiyè 2026 la te gen yon barikad sou wout Kanapevè, toupre lopital la. Pi bonè nan jounen an, gen enfòmasyon ki fè konnen te gen kout zam nan zòn nan. Ta sanble se te yon altèkasyon ant 2 moun ki ame. Nap kontinye swiv sitiyasyon an de pre epi n ap pataje plis detay si gen nouvo enfòmasyon ki konfime. Nan videyo a nou kapab konstate yon nan viktim altèkasyon an, ki lopital nan moman Sous + Videyo🎥: Alerte Plus
Prince TV42,493 görüntüleme • 1 ay önce

📍Kabarè | Teworis tiye yon jèn gason ki tap al enskri nan lame. Ayè Lendi 8 Jen 2026 la, Woodley Décine alyas Zazou, pèdi lavil apre TEWORIS VIV ANSANM nan Komin Kabarè fèl desann yon bis transpò piblik pou yo tiyel epi boule kadav li. Woodley Décine te nan wout poul antre pòtoprens poul al enskri nan lame. Malfwa yo akize viktim nan ki sòti nan katye Senta nan komin Akayè kòm brigadye kap goumen kont TEWORIS VIV ANSANM ki bezwen pran Akayè. Kriminèl yo fè Décine rele yon moun lakay li avan yo wete lavil.
Prince TV57,186 görüntüleme • 2 ay önce

📍FonPrens • Jistis • Arestasyon • Rezo Sosyal Yon Tiktokè Anba Kòd Pou Vyòl Tiktokè yo pa manke pa fè pale de yo jou sa yo, se arestasyon sou arestasyon! Lapolis nan Sidès mare Moustapha Gérôme ke anpil moun sou TikTok konnen sou non “Mous Kèm Pwòp” ayè madi 11 Dawout 2026 la pou KADEJAK. Moustapha Gerome ki gen 110 mil moun kap swiv li sou TIKTOK te kite ayiti nan pwogram imanitè a (BIDEN) epi li te chwazi retounen Ayiti. Dapre temwayaj viktim nan, li antre lakay Moustapha Gérôme jou ki te 3 dawout 2026 la poul vann li machandiz. Moustapha fèmen pòt sou li,li kenbel kont volontel epi li fè sèks avèl.Pandan zak la Moustapha bay viktim nan gwo presyon poul pa rele anmwey pou moun vinn sovel. Aprè krim nan, viktim nan te depoze plent nan Biwo VGB (Violences Basées sur le Genre) ki li menm mennen ankèt sou dosye a. Se rezilta ankèt sa ki pèmèt Lapolis lokalize epi arete Moustapha Gerome 8 jou apre krim nan. #PrinceTV
Prince TV10,603 görüntüleme • 12 gün önce

📍Milo | Arestasyon Dam nap gade nan videyo a rele Bethie lap viv Milo. Bethie jwenn arestasyonl aprè yon moun antre nan biznis pou pete goumen avèk li a 2è nan maten sanl pa konnen li gen kont ak pyès moun. Moun nan leve mezi se lajan li te genyen. Malgre sa pase konsa, Lapolis mare Bethie kòm moun ki fè tantativ asasina. Pandan li nan gadavi a, li pwofite bay eksplikasyon sou ensidan an. 🎥:Vibration Info
Prince TV32,493 görüntüleme • 2 ay önce

✋🛑Avètisman : VIDEYO SHOKAN 3 polisye tonbe anba bal gwoup teworis nan Latibonit ayè Vandredi 29 me 2026 la. Jodia a yon jou apre lanmò gason vanyan sa yo, yon videyo ap sikile sou rezo yo kote yon chèf gwoup TEWORIS ap bay gwo sòm lajan kòm rekonpans bay moun ki se otè zak la. Pandan fanmi viktim yo , popilasyon kap swiv la ap kriye pou viktim yo, kriminèl san fwa ni lwa ap selebre lanmò yo. Lapolis fèk soti on pwomosyon menm yè 29 me a, ki gen plis ke 1000 polisye, konbyen nan yo nou pral pèdi konsa? Kilè sa ap kaba? NOU PAKA KONTINYE NÒMALIZE ZAK SA YO!
Prince TV32,106 görüntüleme • 2 ay önce

📍Dèlma 33 | Ensekirite | Yon tantativ kidnaping fèt toupre Lopital Lapè, jodi Samdi 25 jiyè a. Zam tap chante anpil nan zòn lopital lapè pandan on gwoup malfwa tap eseye kidnape yon moun ki tap kondwi pikòp ki nan videyo a. Viktim nan rive chape poul li paske machinn li tap kondwi a blennde. Dapre plizyè temwanyaj kidnapè yo te abò yon Toyota Hilux blan, genyen kèk ladan yo ki abiye ak inifòm Lapolis.
Prince TV13,717 görüntüleme • 1 ay önce

PNH | Fistrasyon Pou Grad Polisye sa gen 29 lane depi li entegre lapolis li rive vinn ajan 4 men grad li pa janm monte. A preske 3 deseni karyè li ta dwe gentan komisè. Ajan fòs lòd la deside pran rezo sosyal ak koze sa pou eksprime fistrasyonl ak enstitisyon lapolis la. Nou espere wo komandman lapolis la founi je sou dosyel lan.
Prince TV19,917 görüntüleme • 3 ay önce

PNH vs TEWORIS | Gètapan Li vrèman enpòtan pou Lapolis VIJILAN nan zòn yap opere yo, paske TEWORIS yo pap dòmi ditou. Malfwa yo jwe tout ti vis nan mete pyèj/gèt apan pou fòs lòd yo. Sa montre li nesesè pou lapolis gen dwonn ki siyonnen tout chak ti kwen nan on zòn avan yo desann fè PYE SÒL.
Prince TV14,485 görüntüleme • 2 ay önce

Kafou Rita , wout pou mennenw DCPJ Yon match ki sere . Men skò a apre lapli: Labou 1 – machin 0.
Prince TV16,808 görüntüleme • 4 ay önce