MRJ🤲's banner
MRJ🤲's profile picture

MRJ🤲

@RJrMendes3,614 subscribers

I'm Okay with wathever you think about me.🤷🏾‍♂️

Videos

RJrMendes's profile picture

M pa gen yon grenn Tattoo. Piercing lan menm m pa kwè m tap ka fèl. Menm pike dwèt pou kontwole sik m pa tolere 😒. Tout kolòn mwen, boul grenn mwen konnen ki seremoni ki pou fèt avan poum ta pran yon piki oswa fè yon prelèvman san (e m pa wont 🤷🏾‍♂️). M pa janm nan fè Koripsyon Pastè Pas ap denonse yo. Si foli bayakou ta kenbem, se sur m pa tap plonje nan fòs la ap voye bokit monte, m tap fèl mekanize de preferans. M pa gen sèvo frivòl kap fonksyone sou sou enfliyans tout sa kap pwone kòm pratik oubyen yo deside ki alamòd. But sa se mwen, lòt moun yo, viv vi nou, nanm nou pounou anbelil jan nou swete. Men onètman: POUKISA AN 2024, TATTOO, PIERCING E MENM NÈG KI PA KA KITE PWOSTAT YO SAN FOUBI OBLIJE KONSIDERE KÒM KRITÈ POU DISKALIFYE YO RANTRE NAN LAME? M panse li mechan, diskriminan ak danjere lè rezon kap diskalifye yon jèn pa gen anyen pou wè ak kapasite fizik, mantal ak entèlektyèl li, men pito jis pou kwayans ak vizyon pwòp kèk grenn granmoun, e ki souvan pa janm ka pran pozisyon piblikman sou de sijè enpòtan, sansib men reyèl nan sosyete a. E souvan se pou yo pa deranje zanmi, kolòn ak patron yo. Vrè Kesyon m panse nou dwe adrese ak koze FADH sa a, se KI FÒM ZOUTI NOU SWETE LI YE NAN PEYI A? Se domaj ke Leta deja fayi ak misyon poul te mete yon ti Ayisyen, depi jou li fèt rive 18 lane, nan yon dinamik kote lap fòmel, edikel,fè de li yon patriyòt ki vle sèvi ak mouri pou peyil a nenpòt ki kou; alòske kounya lè yo fin majè lap pini yo pou pwòp mankman ak vid li pat konble. M te swete ke nivo deriv ak depravasyon ki nan sosyete nou an, Leta te ka fè de nouvo Lame a, enstitisyon ki ka ede kontwole ak repare yo. Nou kreye yon sosyete inegalitè an amon (pa gen lekòl gratis vre, pa gen asirans sante, lopital, pa gen asistans sosyal, etc), men an aval nou te ka pran konsyans epi eseye manyen kèk pwoblèm ak FADH sa. Posibilite pou Ayiti ta rantre nan gè ak lòt peyi minim anpil, poum pa di zero. Menm Sen Domeng, nou ka toujou nan konfli sou fontyè a ak li, ka toujou gen mò, men jewopolitik la pap favorize gè vre, sinon ke yon gè fwad (janl ye la dayè). M tande PM lan di yo prevwa mete CNE anba FADH, sa ki pap move kòm desizyon. Mwen m wè menm Sant pou ranmase jèn ak timoun nan lari yo te dwe sou kont Lame. Fèmen yo, nouri ak pran swen yo, epi taye pwogram spesyal ki fokis sou altènas edikasyon klasik ak pwofesyonèl pou yo. Rive 18 lane, si yo vle ret anwole se tap fine. Men tou si yo vle kite sant sa yo, yo tap soti ak pwofesyon,e te ka menn gen lòt pwogram ki ensite yo mete ansanm pou jwenn finansman pou monte pwòp antrepriz yo. Yon pati nan lajan FAES, CAS ki jis ap anrichi yon ti gwoup moun te ka finanse devlopman pwogram sa yo. Nou tap tou, manyen pwoblèm ti òfelina a dwat a goch yo. Ayisyen toujou ap chache yon elit, san ke li pa envesti nan moun pou yo vin elit sa a. LAME PA KA AP RANTRE NAN YON DEMACH,POU LAP REKRITE MOUN KI TOU ELIT. MEN PITO YO DWE YON ENTITISYON KAP FÒJE YON ELIT NAN FÒME YON KLAS SITWAYEN KI CHARYE YON PAKÈT VALÈ. Yon bagay ki sanble echape nèg yo. 99% ti jèn kap manifeste pou yo anwole la, pap fèl pa santiman Patriyotis, devwa pou sèvi nasyon an nan yon premye tan. Yo plis a chèche sekirize yon ti chèk woz, met inifòm pou pa pran liy labank, mete Kòmandan devan non yo sou Tik Tok, e sitou POTE ZAM.(Sitou nou se peyi ki pran militè ap fè pase sirèn nan tout lari ouvè machin pou chèf pase) ÈSKE NOU PANSE VIV ANSANM AP REJTE TI JÈN SA YO POU TATTOO, PIERCING, ETC..? ÈSKE ESTRATEJIKMAN MENM LÈ NOU KONNEN NOU PAT TAP KENBE YON JÈN VRE, NOU PAT KA FÈMEN YO NAN KAN ANTRENNMAN MENN POU 6 MWA, LE TAN NOU DEBLEYE LARI A, GHETTO YO DE POTANSYÈL REKRI VIV ANSANN? Pwoblèm dirijan Ayiti, tout aksyon yap antreprann pa janm charye yon vizyon pwòp ak yo vrèman, de jan yo wè fè nasyon sa vin gran vre. Se swa yo te wè sa tap fè a yon kote (san konprann sosyoloji ki travèsel la) swa yap satisfè ti ego yo. Antouka, antouka, antouka..

MRJ🤲

19,737 views • 2 years ago

No more content to load