
wilbens chery
@coachbenbens • 8,419 subscribers
Certified Professional Life Coach, CEO of Marche Longue Group / Travel influencer
Shorts
Videos

Aktyèlman gen plizyè pèsonalite piblik k ap mande pou yo negosye ak gang yo. Se men m bagay la nan mitan yon bon pati nan popilasyon an. Rezonman fasil pral fè w di gwoup moun sa yo sipòte gang, poutan se pa vre. Se paske moun yo kòmanse fatige ak sitiyasyon peyi a. epi yo pa wè lòt solisyon. Nou pral remake tip diskou sa yo pi souvan toutotan sitiyasyon an ap konplike. Men domaj moun k ap lanse mesaj pou yo negosye ak gang yo pa konprann anyen nan fonksyonman gang yo. 1. Depi nou rantre nan negosyasyon ak gang pandan Leta an feblès nap sezi wè gang yo ap woule nou nan farin 2. Viv ansanm pa yon gwoup ki gen yon chèn kòmandman inik. Chak jeneral granmoun lakay yo epi yo gen pwop fason pa yo pou yo rantre lajan. Sa vle di kempès, Vitelòm, Jean Gardy p ap janm sispann fè kidnaping paske yo pa gen pòs peyaj sou teritwa yo tankou Ti Lapli, Lanmò san jou, Jeff Donk yon negosasyon (pandan Leta an feblès) ap ba w kòm rezilta: 1. Leta ap totalman dekredibilize, 2. Gang yo ap vin sanse legal 3. Pwoblèm nan pap rezoud. Sa vle di depi nou rantre nan negosasyon jan Babekyou ak plizyè lòt moun ap di l la, nap remake yon akalmi pandan yon ti bout tan epi aprè plizyè gwoup gang ap kontinye ak aktivite yo.
wilbens chery47,732 次观看 • 1 年前

Nou toujou kwè vwayaj la pat enpòtan? Nou toujou kwè se yon ti esklav ki te al pran lòd? Nou tankou yon bann timoun pòv kap kriye pou grangou epi nou pa vle pou paran nou deplase pou l al chache lavi aloske nou ak 2 ran dan nou 😂😂 Toutotan se nèg ak mikro n ap tande, toutotan se politisyen ki bezwen regle afè yo n ap tande, yo fèk kare fè nou fè tenten.
wilbens chery54,814 次观看 • 2 年前

Sa a se youn nan modèl elikoptè konba lame dominiken itilize. Se yon Bell UH-1. Ta sanble yo anbake sou li yon M2 Browning machin gun. Gen anpil bagay yon moun ka di lè w vin gade imaj sa a. Pami yo: 1. Babekyou ap fè menas li pral fè reprezay. Fòk yo fè l konnen si se wout ogmantasyon nivo eskalad li pran, Leta ap toujou gen plis mwayen pou l monte nivo eskalad la pi wo pase l. ( Depi Leta a vle, depi Leta a gen konpetans pou sa, depi Leta a bay tèt li mwayen pou sa) Donk sa ap pi bon pou li si li chache yon lòt Solisyon. 2. Nan pozisyon Ayiti ye la a. Pou kounya li dwe fè plis efò pou l amelyore relasyon li ak Repiblik Dominiken paske gen anpil bagay ki posib. ( nou pa p di plis)
wilbens chery36,074 次观看 • 1 年前

# 1 Depi lè afè Boulos la kòmanse gen Rodney Louis. (w ap wè m pa di EDE) Ki poste foto Boulos ki kanpe devan yon Billboard Vwa Rezo. ( li pa men m ka wè si Boulos devan yon Billboard Vwa Rezo ak yon sticker envite sou pwatrin li sa vle di se Boulos ki envite nan yon aktivite gwoup la e non envès) Mwen pa reponn Rodney pou yon sèl rezon, paske reponn li ap sanble se komsi Vwa Rezo ap chache jistifye relasyon li devan piblik aloske lè yon moun nan sitiyasyon difisil men m si ou te konn just salye li, se pa moman pou w ap di ou pat rekonèt moun sa a oubyen pou w ap di moun sa a pa pwoch ou. Se yon atitid JUDA Paske Boulos la plis Boulos Rodney ak ekip politik li (Père et Fils ) Ou men m, mwen chwazi reponn ou paske mwen sèten ou pa movèz fwa, se plis inyorans paske gen bagay ou pa konnen. 1. Vwa Rezo pa avan tou yon gwoup politik, Li plis yon gwoup sitwayen angaje. men ki gen yon gwo aspè antreprenèchip ladan. 1. Marche Longue Communication 2. Marche Longue Consulting 3. Marche Longue Media Sa vle di nou fè: - kreyasyon kontni pou antrepriz - Jesyon kont rezo sosyo pou antrepriz oubyen pèsonalite piblik - Epi tanzantan nou gen pwop pwojè nou kote divès antrepriz mete piblisite yo ladan epi yo peye nou lajan nou Donk pou koze Vwa Rezo nan Boulos ou di a. Wi Vwa Rezo gen piblisite Nissan ak Delimart k ap pase sou videyo nou jis kounya. Men m jan Vwa Rezo gen piblisite plizyè lòt antrepriz. Epi anpil nan pwojè sa yo se plizyè kote nan peyi a yo mete an valè tankou Okap, Okap, Gonayiv, elt… Donk kòm Vwa Rezo pa engra epi nou fè tout afè nou aklè devan tout moun se nòmal w ap wè Vwa Rezo remèsye yon esponsò piblikman pandan lap òganize pwop aktivite pa l FACT 👇👇
wilbens chery24,660 次观看 • 11 个月前

Kèk imaj an sitiyasyon reyèl sou konba nan zòn iben. Pa bliye Ayiti ap fè fas ak gwoup ame k ap itilize teknik konba geriya iben. Pou moun ki panse sitiyasyon Ayiti a se yon jwèt, depi w poko ka rantre andan kay pou al deloje bandi ou poko gen kapasite pou mennen konba nan zòn iben. Pa vin di m imaj sa yo se gwo peyi Ayiti diferan. Se egzateman sa w ap gade la a ki te nan lekòl Maranata Matisan lè Ti lapli ak nèg li yo te kache dèyè yon plywood yo touye 2 polisye.
wilbens chery33,118 次观看 • 1 年前

Mwen ta renmen nou tande tout emisyon sa a. Sitou pati kote moun konn ap pale tenten sou Gracia yo. Nap rann nou kont kijan manti, dezenfòmasyon, montaj, brize lavi moun Swiv pou wè malgre Gracia se advèsè politik mwen, Ebyen mwen te fè plizyè videyo ak live pou m di pawòl tenten kap pale sou li yo se pa vre. Donk nou paka kite 2,3 moun nan sosyete a ap itilize DCPJ, Lajistis, Laprès, òganizasyon yo genyen kòm enstriman politik pou konbat advèsè yo. 2ti egzanp - Li pa posib pou Pierre Esperance kanpe pou li di w se Badio ki toujou mennen Martine Moise kay ougan Imajine w yon premye dam eske w vrèman panse li oblije ap mache nan tout raje pral kay ougan ? 😂😂 Donk li paka fè ougan an deplase vin travay pou li ? - Se men m jan Stanley Lucas paka ap di Don Kato nan touye Jacques Roche Lè nou vin di koze sa yo sou advèsè politik nou, depi advèsè a pa nan pòs politik la nap bliye sa nou te di, men viktim nan pap janm bliye.
wilbens chery14,500 次观看 • 6 个月前

Men yon lòt egzanp depi se nèg ak mikro w ap tande epi w ap repete sa y ap di wap parèt tankou egare Pou TT Leta nan konplisite ak gang paske li pa konprann kijan fè Leta pat ka fè gwo operasyon epi kounya li kapab aloske se men m Leta 😂😂 Donk lè se sa a w ap tande kòm analiz di m kijan pou yo pa di tenten ? TT paka konprann kounya: 1. Gen yon lòt lidèchip nan PNH la - Nouvo lidèchip la pa nan arestasyon politik jan Rameau tap fè l. Vrè fokis la se sou gang li ye - Nouvo lidèchip la koz blennde pa boule - Nouvo lidèchip la fè chanjman enpòtan (Jacques Ader) - Nouvo lidèchip swiv konsiy sekretè deta a 2. Gen amoni ak koyezyon ant otorite yo Anpil ayisyen renmen pou sibaltèn kanpe an fas siperyè li. Poutan se pou nou li pa bon. Nou te konn mande pou Elbe arete Ariel oubyen pou Rameau arere Jovenel. Se sak fè nou te vle pou Rameau kanpe an fas Didier, minis jistis. Sekretè deta. Aloske si yon sibaltèn pa vle respete konsiy siperyè li, se sibaltèn nan ki dwe ale. 3. Gen plis materyèl - Depi lè dwòn yo vini li mete yon poz sou jan bandi yo te alèz. - 34 blennde te boule sou Rameau kounya yo ranplase - FAD’H resevwa materyèl - Anbasad Ameriken bay plis sipò - Lafrans fè plis fòmasyon 4. Gen mèsenè Premye operasyon mesènè yo fè kafou fèy nèg Ti Lapli yo te gentan ap plenyen. Yo di yo pa santi se ak Lapolis yap batay, yo di taktik sa yo Lapolis pa genyen l. Kounya gen plis mèsenè ak plis materyèl ak pi gwo zam ak plis teknoloji. Donk lè w mete tout bagay sa yo ansanm se nòmal pou wè kònanse gen ti rezilta
wilbens chery14,540 次观看 • 6 个月前

Moun ki byen ak Rudy fòk nou pale avè l pou n fè l konprann anpil fwa fason l ap kominike ede bandi yo, e se diskou sa yo ki mennen nou la a. Rudy gen yon gwo ekout pou kounya men anpil diskou Rudy ap fè sosyete a plis mal. Gang yo pa enbesil, Babekyou pa egare, li itilize anpil diskou nèg ak mikro ak politisyen epi li poze aksyon nan fason pal avèk yo. Kèk diskou gang yo sèvi - Ann fè revolisyon - Ann kapote sistèm - Ann chavire sak la a - Moun anwo, moun anba - Ann fèmen peyi a Swiv byen, anpil nan diskou Rudy yo chita sou manti ak divizyon 1. L ap mande ki objektif viv ansanm, se yon fason poul ka fè plas pou teyori konplo. Aloske chak jou gang yo di sa yo vle, diferan rapò di sa yap chache. Fòk Rudy manyè li rapò yo. Si wap fè emisyon aktyalite epi w pa konnen sa gang yo ap chache ou pa gen plas ou. 2. Pa gen okenn moun Ayiti si gang yo atake epi ameriken ap debake. Moun ki gen lajan kapab pran elikoptè yo jete yo men si yo sibi atak ameriken pap okenn debake. Dayè chak jou tout kalite moun nan peyi a sibi atak. Men m si yo ta atake anbasad ameriken ou paka di avèk sètitid yap debake paske yo atake anbasad ameriken deja plizyè kote nan mond lan yo pa debake (Libye, Soudan) Donk fòk nou sispann ak mesaj divizyon sa yo ki se teren fètil pou bandi
wilbens chery32,962 次观看 • 1 年前

Mwen toujou di sa isit la: SE LAVERITE KI BOUSOL MWEN Se sak fè lè moun pa m ap bay manti sou Jovenel mwen kanpe an fas yo. Mwen montre sa anpil fwa. Men m jan an tou lè moun Jovenel ap bay manti, fè vye montaj videyo, defòme pawòl moun tankou jan yap fè Rudy a m ap kanpe an fas yo. An men m tan an mwen gen pwop pwoblèm pa m ak Rudy Men se pa ak manti pou m atake l Donk men videyo ou t ap mande a. FACT 👇👇👇
wilbens chery22,613 次观看 • 1 年前