
Dorvilus F. Baeur
@dennly109 • 17,378 subscribers
Former Social Media Strategist at PNH| Studied at UEH | Palm Beach State | IRSC | Paralegal & Immigration Consultant | Founder, Web509 | Immigration & Web Dev
Shorts
Videos

#Haiti: Lanmò demwazèl ki fè anpil pale sou rezo sosyal yo pap dènye ka nou genyen si pa gen aksyon ki fèt. Jan nou ka konstate sa, gang teworis ann Ayiti itilize kèk enfliyansè pou rekrite, pwomote vyolans, fè pwopagann epi fasilite divès fòm kriminalite kont popilasyon an. Ayiti se manm INTERPOL. Mwen panse PNH atravè DCPJ dwe antre seryezman nan batay sa a epi kreye yon inite espesyalize pou envestige krim ki fèt oswa ankouraje sou rezo sosyal yo, idantifye moun ki enplike yo epi travay ak platfòm yo ak patnè entènasyonal yo. TikTok US ,X ,YouTube
Dorvilus F. Baeur15,725 views • 1 month ago

#Haiti: This is a police officer who swore an oath to protect and serve the nation. He was trapped by terrorist gangs in Haiti and beaten with a baseball bat. This is the kind of brutal torture some police officers face when they fall into the hands of terrorist gangs. UN Human Rights
Dorvilus F. Baeur11,767 views • 1 month ago

#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: #Trump menase pou li voye lakay yo tout 1.3 milyon moun ki te itilize #CbpOne pou vini isi. Yon ansyen ajan #USCIS, ki se gwo avoka imigrasyon koulye a ap esplike nou kisa pou nou fè. Pran san nou gade videyo an epi pataje l. Translation Web509
Dorvilus F. Baeur41,510 views • 2 years ago

#𝐀𝐦𝐞𝐫𝐢𝐜𝐚𝐓𝐡𝐢𝐬𝐌𝐨𝐫𝐧𝐢𝐧𝐠: 🔴 . Lapolis nan Lakeland (#Florida) ap pran anpil baf sou rezo sosyal yo aprè 2 polisye maspinen yon ti gason 16 an ki tap benyen nan pisin nan “Caroline Apartment" san li pat otorize. Pou enfòmasyon nou, pou vini yon polisye nan Florida wap bezwen 770 èd tan aprè pou pase tès “State Officer Certification”. —- Eske nou panse, polisye yo te bezwen tout fòs sa pou arete yon timoun ki pa menm gen zam sou li menm? Ann di msye se te yon ti frè w ki tap reyaksyon ou! Rale kreyon nou! #Disclaimer: Content not for children. Credit: Bystander #policebrutality
Dorvilus F. Baeur41,869 views • 2 years ago

Gen kèk tijèn ki pran plèzi nan poste foto pandan yo nan travay yo sou rezo sosyal yo swa pou yo relaks yo oubyen pou yo ogmante prezans yo online; menm lè pèson moun pè di nou anyen, kite m rale zorèy nou. Pou kòmanse nou pa lakay ki pa siyen anyen sou elektwonik ki pa pase paraf yo sou rezo sosyal nonplis. An jeneral prèske tout konpayi ameriken yo gen yon Social Media Policy yo fè w siyen avan ou travay pou yo. Ou siyen l kanmenm menm lè ou pa rekonèt sa. Anpil anplwaye anba sa yo rele Non-Disclosure Agreement , Daprè sa yo, yo pa ka fè sa yo vle menm lè yap travay pou yo si w pran chans di ou travay pou yo ankoulis ou pa ka fè l sou rezo sosyal. Ekzanp lan klè, mwen se youn ladan yo, si m poste kote map travay la nan bio mwen a Jodi a , lendi mwen mèt tou rete lakay mwen paske mwen ka fè gwo dega ak enfòmasyon map manyen yo…. An gwo konpayi yo pa vle sa, ou ka mete yo nan pwoblèm,m. Pa ekzanp, nan videyo sa sèlman gen pil detay ki te ka mete zanmi a nan kouri dayè adrès ak non moun ki sou bwat yo se deja Doxxing, kliyan yo kapab rele Amazon tribinal pou sa. Ou pa ka itilize truck konpayi an ak logo l mete sou enfomasyon kliyan l yo ki piblik. Pou m fè tweet lan kout, avan nou poste kèlkeswa yon bagay ki gen pou wè ak biznis moun yo chèche konnen avan ki Social Media Policy oubyen eske nou pa anba Non-Disclosure Agreement. Sa valab pou kèlkeswa lòt biznis lan paske m konnen anpil nurse pèdi job yo pou sa paske yo fè foto pasyan yo oubyen mete enfòmasyon deyò nan fè TikTok. Kòm videyo an piblik, mwen pataje l pou m alète nou, men entansyon an se pa pou ni blaze msye oubyen fè videyo a mache. Se jous pou evite lòt moun kontinye nan menm wout lan.
Dorvilus F. Baeur33,213 views • 1 year ago

#Statement: Chè BatBravoPouLaJenes , kòm mwen se youn nan followers ou yo, mwen oze poste videyo an jan w mande pou sa fèt jiskaske l rive nan zòrèy Jhonson Napoleon ak lòt ankò. ▪️ Mwen salye kouraj ou deske w fè “mea culpa” pou yon pratik ou jije ki pa bon aprè 3 lane. ▪️ Jhonson pa yon nèg mwen janm rankontre men mwen te remake plon gaye ou yo gen motivasyon pèsonèl. 👉 Men banm di w yon bagay, ou gen yon bèl odyans, mwen pa kwè wap ka repare dega ou fè nan pèsonalite msye, nan biznis li, nan lekòl li epi nan motivasyon pou li ede lòt. ▪️Jounalis pat janm gen voye monte, se te chèche enfòmasyon, verifye, trete, ankete, manyen, remanyen, peze, soupeze, avan ou pran mikwo, menm lè w nan mikwo ou dwe tounen lang ou, niche lang ou, file lang ou olye ou di yon bagay ki pa sa. ▪️ Menm jan w di motivasyon yo pèsonèl nan “mea culpa” pou Jhonson lan, mwen rete kwè pou m pa sèmante sou 2 kiyè diri sa map vale la, ou gen yon lèt eskiz ki ekri deja pou prezante bay “𝙈𝙤𝙣𝙚𝙡𝙪𝙨 𝙅𝙚𝙖𝙣 𝙂𝙤𝙨𝙥𝙚𝙡”, Michel-Ange Gedeon , paske m santi motivasyon w yo te pèsonèl, yo te reflete lide chèf PNH ki te la lè w te fè yo a. Nou dakò ou fin mennen koulèv la Lekòl, ann gade kòman li pral chita. Eske w panse nou dwe kontinye kwè nan lòt nèg ou pase anba woulo ou yo deja? Eske w panse nou pral kontinye vale sa w konn ba nou kòm laverite. Nap tann wi, mikwo a louvri!
Dorvilus F. Baeur47,984 views • 3 years ago

Immigration: Moun ki gen azil pending yo èske yo sou depòtasyon? Poukisa w pa dwe mete tout lespwa w sou TPS dapre Mèt lan? Ki rekou si w pa gen azil lan? Kisa ki di sou "Mas Depotasyon" an favè azil? Tout detay sa yo ak yon gwo avoka epi ansyen ofisye imigrasyon: Credit: At.Brian
Dorvilus F. Baeur33,156 views • 1 year ago

#𝐀𝐓𝐌: Yon bon maten CNN difize yon entèvyou, yon jounalis te fè ak yon DR. Ehlers, yon Sid Afrikèn ki te envante yon “device” pou pwoteje medam yo kont vyòl paske se te yon pratik kouran kote mesye yo vyole medam yo pou dan ri. Rape-aXe , se yon “device” tankou yon kapòt fanm ki chaje dan, medam yo te konn mete depi yon nèg vyole yo dan yo kenbe “materyèl” yo sèl doktè ki pou retire l pou ou. Se tankou yon pèlen kòk, kote l kenbe w la, lap fè w mal, ou pa ka pipi tou, rale l, fwote l, detire l, lap rete la jiskaske ou ale wè doktè epi tou fè fas ak lapolis. Nou wè bagay yo mesyedam, gen plizyè fason yo manje manyòk anmè! Nou pa panse yon “device” konsa tap bay yon souf paske gen anpil ka vyòl repete nan rapò komisarya yo toujou bay. Jwèt pou nou, sa nou panse. Disclaimer: This is for demonstration purposes only and has no sexual intent. #AmericaThisMorning 👇
Dorvilus F. Baeur32,474 views • 2 years ago

#𝐓𝐨𝐩𝐍𝐞𝐰𝐬: Tout moun ki gen pou bon an pwogram #Biden lan gen pou fil fòm I-797C " pou #𝐟𝐢𝐧𝐠𝐞𝐫𝐩𝐫𝐢𝐧𝐭𝐬 "le ou la” fason. 𝙏𝙬𝙚𝙚𝙩 𝙨𝙖 𝙠𝙤𝙣𝙨è𝙣𝙚 𝙩𝙤𝙪𝙩 𝙢𝙤𝙪𝙣 𝙖𝙡𝙖𝙬𝙤𝙣𝙗𝙖𝙙è, 𝙠𝙚 𝙬 𝙩𝙖𝙥 𝙩𝙖𝙣𝙣 𝙧𝙚𝙯𝙞𝙙𝙖𝙣𝙨, 𝙤𝙪 𝙜𝙚𝙣 𝙏𝙋𝙎, 𝙤𝙪 𝙩𝙚 𝙥𝙖𝙨𝙚 𝙨𝙤𝙪 𝙛𝙬𝙤𝙣𝙩𝙮è, 𝙤𝙪 𝙩𝙚 𝙫𝙞𝙣 𝙨𝙤𝙪 𝙗𝙖𝙩𝙤, 𝙤𝙪 𝙩𝙚 𝙢𝙤𝙪𝙣 𝙠𝙞 𝙗𝙚𝙣𝙚𝙛𝙞𝙨𝙮𝙚 𝙥𝙬𝙤𝙜𝙧𝙖𝙢 #𝘽𝙞𝙙𝙚𝙣 𝙡𝙖𝙣. 𝙏𝙤𝙪𝙩 𝙢𝙤𝙪𝙣 𝙣è𝙩 𝙠𝙤𝙣è𝙣𝙚. 1- Depi ou gen randevou pou fè anpwent , tout notis yo te voye ba ou pou anpwent kelkeswa lòt estati ou genyen pote yo jou randevou a. 2-Pote yon pyès pou idantifye w ki pa espire tankou Green Card, paspò, Lisans…) 3-Toujou fè yon kopi notis lan paske yo pap baw yon copy papye randevou an. 𝐊𝐢𝐬𝐚 𝐰 𝐝𝐰𝐞 𝐚𝐭𝐚𝐧𝐧 𝐣𝐨𝐮 𝐫𝐚𝐧𝐝𝐞𝐯𝐨𝐮 𝐚𝐧? Pa fè okenn estrès, randevou sa pa yon entevyou, yon ajan pran pran tout enfomasyon sou ou, fè siyen, ou pral sèmante tou tout enfomasyon w bay yo se laverite. Ajan pral fè anpwent tout 10 dwèt ou yo. Men atansyon si w timoun ou gen mwens 14 lane, yo pap mande l siyen.Yo ka sèlman mande pou ekri non yo si yo kapab oubyen yon paran kapab siyen pou yo. Si w bezwen yon moun pou tradwi pou ou pa fè tèt cho, yon zanmi, yon avoka oubyen yon fanmi kapab akonpaye w, yo kapab tradwi pou ou. #Next: Kisa mwen dwe fè si m pèdi dat randevou anpwent lan? Kòmante , pataje, nan yon lòt tweet wap jwenn repons lan. 𝒟o𝓇𝓋𝒾𝓁𝓊𝓈 𝐹.𝐵𝒶𝑒𝓊𝓇 Crédit vidéo : USCIS
Dorvilus F. Baeur41,333 views • 3 years ago

#Immigration: Tankou Tijhon, mwen koupe pati ki pi bèl epi ki reponn ak tout kesyon sou azil? Epi li klè, se pi bon opsyon ki sou tab la pou plizyè rezon. Kisa ki due process? Konbyen tan sa pran? Nan segman sa Me Eddy Laguerre yon avoka imigrasyon reponn kesyon sa yo youn aprè lòt. AyiboPost Web509
Dorvilus F. Baeur25,281 views • 1 year ago

Demokrat ak Repibliken nan Dosye Depòtasyon: Diferans nan Retorik ak Estrateji Youn nan gwo diferans ant Demokrat ak Repibliken nan jan yo jere dosye depòtasyon yo se sa: Pou Demokrat, tankou administrasyon Obama ki depòte prèske 3 milyon moun pandan de manda li yo, operasyon depòtasyon yo te fèt ak anpil rigè, men san yo pa fè bri. Objektif la te pou evite fè fas ak kritik piblik la ki ka diminye moral moun yo oswa fè elektora yo santi yo trayi pa politik imigrasyon yo. Demokrat yo toujou ap eseye prezante tèt yo kòm pi fleksib ak imanitè, sa ki eksplike poukisa yo pa mete aksan sou operasyon depòtasyon yo. Nan lòt bò, Repibliken yo gen yon apwòch ki pi agresif, ak yon retorik estratejik ki sèvi pou kominike pozisyon yo kont imigrasyon ilegal. Yo itilize depòtasyon kòm yon zouti politik, pa sèlman pou fè respekte lwa imigrasyon yo men tou pou voye yon mesaj politik klè bay baz elektoral yo, ki souvan sipòte politik ki pi strik sou imigrasyon. Kòm ekzanp, Administrasyon Obama, malgre yo pat fè bri, depòte plis moun pase administrasyon Trump premye tèm lan. Tom Homan, ki te responsab Enforcement and Removal Operations (ERO) pandan Obama, te jwe yon wòl kle nan mass deportations sa yo, men jan administrasyon an te jere operasyon yo san bri, mouch Homan pat yon non ki abitye tande. Kontrèman, pandan administrasyon Trump lan, Homan tounen yon figi piblik ki sèvi ak retorik agresif pou fè respekte politik imigrasyon yo. Sa nou dwe sonje se sa : kèlkeswa administrasyon an, depòtasyon rete yon eleman enpòtan nan aplikasyon lwa imigrasyon yo. Se responsablite pa nou pou nou toujou kenbe estati legal nou epi swiv règ yo pou evite nenpòt pwoblèm. Administrasyon yo ka chanje, men travay imigrasyon yo kontinye fèt, swa nan bri oswa nan silans. Bon lendi tout moun! Pa bliye pataje sa ki al itil nou se dòmi m mwen kite pou m pataje sa ak nou. 🫡
Dorvilus F. Baeur23,624 views • 1 year ago

Mwen wè atik la wi, — yon atik ki repòte sa li tande — men banm di nou byen nap bezwen yon lòt dimansyon pou nou konpran sa ki di. Listen! Administrasyon an se Konsèvatif yo ye, se nòmal pou li gen yon mòd kominikasyon ki di kou fè. Pa atann yo pral di imigran se TiJezi nan po krab, non! Yo pap rann nou sèvis sa! Yon grenn bagay pou nou raple nou, nou te deja konnen parole pap renouvle depi sou Biden. Majorite moun — sa ki byen enfòme yo — ki te vini avan 3 Jen gentan gen 2 lòt estati TPS ak Azil. ( Ale swiv videyo Me Eddy Laguerre te fè ak LSV Media Production ) Moun ki vini aprè 3 Jen yo, nou konn sa l ye deja pap gen nouvo deziyasyon TPS ankò, pa dòmi reve sa nonplis sou Administrasyon sa men refere nou a 4 lòt opsyon ki te pataje nan menm entèvyou mèt Eddy Laguerre yo epi fè sa nou panse nou kalifye pou li an. Erè pou nou pa janm fè se kite dokiman nou espire epi pa renouvle l anvan lè li espire an. Toutotan nou gen yon estati ki valid, pa panike! Kelkeswa jan sa ye nou nan yon peyi lalwa kote “due process “ aplike. Web509 @touwillchinwa Clarens Charles
Dorvilus F. Baeur23,635 views • 1 year ago

🙃 Pandan youn nan nèg Trump yo deklare #Ayisyen mwens entèlijan pami lòt imigran yo. Kiyès ou konnen ki komisè gouvènman ki ap jere dosye asasinay ki manke fèt you papa li semènn pase a? Markenzy Lapointe, yon ayisyen ki vini isi a 16 an, pase de lame li etidye dwa epi vini komisè gouvènnman pou Sid #Florida. Proud to be who I am. 🇭🇹
Dorvilus F. Baeur26,494 views • 2 years ago

#Gratitude: Nan ti bout videyo sa, si w byen pran sa ou ou gade wap gen chans konnen kiyès Carel Pedre ye vrèman epi ki travay li bay tèt li misyon pou ede kominote l vanse. Mwen panse se sa nou bezwen nan moman pou montre lanmou ak apresyasyon pou fanmi an. Pou lòt dosye yo, ann kite agiman rasyonèl yo batay nan tribinal pito. Chokarella
Dorvilus F. Baeur13,692 views • 10 months ago

pnhINaction: Lè w refize pataje enfòmasyon ak PNH se pou malè ou ankò. Lapolis pa gen zye tout kote, se popilasyon an ki zye Lapolis. Si yon bon sitwayen pat mete Lapolis okouran sou yon kamyon san sal kap monte Petyonvil, lè konsa 25 kriminèl anplis tap lage nan vil la.
Dorvilus F. Baeur23,504 views • 1 year ago

Nan 2006, lè yon jèn te pran wout pou enskri nan PNH, tout moun kouri dèyè li. Sa se te istwa pam. Nan moman sa, pa te gen kidnaping, bandi pa te konn opere nan maten, pa te gen nèg kap fizye polisye epi bat lestomak yo dèyè li. Nan ane sa, pat gen gang ki kanpe tèt yo kòm yon òganizasyon epi jwenn sansave ap defann pozisyon yo, ak tout sa, paran pat vle moun fè lapolis. Jodi a nan 2025, kote bandi tèlman frekan yo gen pòtpawòl, yo gen moun ki ap defann yo nan gouvènman. Yo tèlman gen zam ak katouch, yo tire san gade dèyè. Yon jèn ki chwazi antre nan Lapolis ak yon paran ki aksepte yon pitit li antre nan Lapolis se yon ewo. Mwen swete 739 jèn fanm ak jèn gason sa yo kouraj pandan n ap envite nou tout ranfòse sendika polis yo, paske se sèl vwa nou genyen. M ap fè nou raple sa: toutotan nou pa goumen pou chanje estrikti polis la, chanje règleman polis la, nap toujou viktim paske PNH kapab mete peyi sa sou ray sekirite; se volonte politik ki pa genyen. Jan nou konnen l, nou gen yon minis ki chèf CSPN, yon sivil blanch ki an menm tan yon politisyen kap pran desizyon nan tèt polis la epi revoke chèf polis jan li vle.Toutotan nou pa mande chanjman nan estrikti sa, toutotan nou pa batay kont sa, pwojè mande 2 elikoptè ak cha blende pou batay kont ensekirite menm jan M. Gédéon te mande l nan plan sekirite nasyonal pandan li tap dirije Lapolis lan, ap toujou rete nan tiwa. Mwen garanti nou tou: lè yo pa deside batay pou sekirite tabli, yo peye sa chè tou. Imajine yo te valide pwojè a epi achte materyèl ki nan lis la, ou panse ta gen eskiz ki lakòz yo pat ka pwoteje ansyen prezidan defen Jovenel Moïse? Konbyen tan yon ekopte tap pran pou rive epi baleye asayan yo? Kek minit sèlman. Si nou pa kanpe dèyè yon sendika pou nou di nou bezwen yon elikoptè anbilans, elikoptè pou pwoteje do nou lè n ap batay atè, dròn pou ba nou detay sou pozisyon lènmi nou yo, lajan pou nou prete pou omwens fè yon tikay ki pa bare ak tòl pou fanmi nou dòmi. Toutotan nou pa gonfle venn nou pou nou mache pran nou menm nèg ki ap mete zam ak katouch nan men bandi parèy yo pou detwi nou, nou fèk kare viktim. Alasò li ye! Lè w pè mouri se lè sa ou mouri pi rèd! Disclaimer: Shared for educational, documentary, or artistic purposes. Strong language is for context and awareness. Viewer discretion is advised.
Dorvilus F. Baeur19,394 views • 1 year ago