Dorvilus F. Baeur's banner
Dorvilus F. Baeur's profile picture

Dorvilus F. Baeur

@dennly10917,434 subscribers

Father, Husband, Brother… basically the unpaid customer service rep for every human being 😂

Shorts

An règ jeneral tout moun pè mouri, pou m ale pi lwen tout èt vivan, Spinoza ale pi lwen nèt, an fèt tout sa ki ekziste vle kontinye ekziste. Se pa san rezon yon sachè dlo pete tout moun pran kouri se sa lojik konsèvasyon an ye. Men sa toujou parèt dwòl paske Lapolis toujou “challenge” lwa sa. Wi, toujou epi toutan: yon senp ekzanp, depi yon bal pati tout moun kouri sòf Lapolis. Olye yo kouri, yo pito ale “au sol”, yon estrateji militè pou pwoteje tèt ou. Yon erè moun toujou fè yo toujou di Lapolis kouri anba bal… Nope! Lapolis pa konn kouri, Lapolis chape pou l tounen ankò paske pou Lapolis rapò fòs yo konte anpil. Lapolis pap janm angaje yon batay si viktim kolateral yo ap anpil. Se bandi ki pa bay moun regle anyen pou yo, se sa ki lakòz tou yo konn fè bèl kou. Yap fimen, yo tou sou menm lè fanmi yo pran bal nan dega yap fè ankò, sa pa gade yo, se nòmal pou yo jan l tonbe l tonbe! Lapolis pap chèche atansyon pyès moun, sèlman respè sifi! Wap konprann enpòtans Lapolis se lè bwa w pran nan moulen! Imajine yon moun Lapolis ta libere anba kidnapping, moun sa ap tèlman respekte epi renmen Lapolis, lap bay pitit li tinon kòmandan! Mesyedam sa yo se ewo! #pnh #haitian

44,561 görüntüleme

#𝐓𝐞𝐜𝐡𝐧𝐨𝐥𝐨𝐠𝐢𝐞𝐬: Kisa “The New York-Dublin portal” la ye? Kòm teknoloji a ap vale teren, “ Dublin portal “ la se yon apèl videyo ki konekte vil Nouyòk ak Dublin an pèmanans (#Ireland). Li ede 2 vil yo rete konekte an tan reyèl kòmkwa nenpòt aktivite ki pase tankou yon rasanbleman ki ap fèt nan 2 peyi sa yo youn kapab reyaji ak lòt konsa tou 2 pèp yo ka di youn bonjou chak maten si yo vle. Anatandan se yon pwojè pilòt, li ka louvri pou konekte lòt peyi tou paske teknik lan se konekte 2 vil yo pandan yo itilize kamera ki gen gran kapasite ak bon entènèt pou konekte ansanm nan yon gwo “screen” nan fòm sikilè. 😎Si tout fwa nou ta anvi fè yon ti kout pye pou nou vizite semènn sa, pran yon ti pasyans, pòtay la fèmen pou yon ti bout tan. Fèmen? Wi, li fèmen frè m! Kòm nou konnen medam isi yo pap rate nou, yon gwo enflyansè| onlyfans leve kòsaj li, rale 2 chadèk li gran jounen devan tout moun epi bay pèp #Ireland lan, yon espektak gratis ticheri. Sa w tande a, foto pa sispann simaye, ti videyo sa tounen viral nan kèk minit aprè aksyon lave zye sa fin pase. Tanpri mesye nou pa bezwen mande m foto de “face”, ni zoom-in, ni focal, paske m pat an Ireland nan moman. Sa nou wè a se sa! 😆 #Behavior #NewYork

43,639 görüntüleme

#𝐁𝐫𝐞𝐚𝐤𝐢𝐧𝐠𝐍𝐞𝐰𝐬🔴: Tweet sa enpòtan pran san nou pou nou li li epi konprann li avan nou pran vye desizyon. (Sòti anlè rive anba). Se toujou konsa depi yon desizyon fèk pran nou pa rapid konnen ki fason pou nou abòde li, pi bon fason an se obsèvasyon ak pasyans. Yon ekzanp pou nou kouvri sa, mwen rete kwè menm jetblue poko konnen si yo dwe anbake moun ki sou Pwogram lan epi kòman aprè deklarasyon sa ki fè anpil pale maten an. ✔️ Premye konsèy mwen, depi ou pa resevwa okenn nòt ki di otorizasyon ou an “cancel” li toujou valad men pi bon mannyè se rete tann dènye konsiy yo, paske otorite yo ka poko “briefing “ anplwaye Cbp “overseas” yo kòman pou yo jere dosye sa apati jodi a. Nou sonje kòman anpil timoun te pèdi vòl aprè yon nòt konpayi avyon yo te kouri vole monte sou li,bri kòmkwa se sèl papa oubyen manman timoun lan ki dwe vwayaje ak li jis paske te gen yon to pwoblèm yo te rankontre pa bò isi. ✔️- Dezyèm chòz, pou tout benefisyè ki konfime , nou pa gen enterè kouri ale fè CbpOne nonplis jouska nouvèl òd, li senp si gen yon pwoblèm nan livrezon otorizasyon vwayaj, ann tann yon kòminikasyon ki di sa nou dwe fè. Nou tout konnen konfimasyon an kapab rete tann, rete tann pa kouri ale fè CbpOne pliske otorite yo ta sanble di yap rezoud pwoblèm ki pase a rapid vit. ✔️ Twazyèm epi dènye konsèy mwen ak sijesyon, pa fè tèt cho, USCIS gen kapasite pou elimine tout travèl otorizasyon, tout case ki parèt pa kòdyòm, yon fason pou fè pwosès lan vin pi rapid ak jis pou tout moun, paske menm pou nou li pa klè lè nou konnen gen yon sèl nimewo telefòn yon sipòtè ki repete nan plis pase 1000 fòm. Desizyon sa olye panike nou kapab plis ede nou, sa ki ap tann depi lontan yo ka tou jwenn chans pou dosye yo pase tou paske vagabon menm itilize non moun ki mouri deja pou fil pou moun. Pou m konkli, gen tout rezon pou USCIS pase men nan sistèm lan, sa kapab pote plis solisyon pou nou, epi lè yap pral pase vitès mete nou prè pou nou anbake! Pa bliye nou dwe kontinye mete fòm paske pou lè vitès lan ap pase pou moun nou tou andan. Pase bon wikenn!

34,931 görüntüleme

#TopNews: Moun yo preske pa gade imèl ankò, yo plis itilize #App ki kapab “track” case yo a. Si w wè #App lan ba w mesaj sa 👇, konekte sou kont USCIS ou epi telechaje “Travel Authorization” an. Anpil moun pa konnen sa, 300 retweet ap ede plis moun jwenn mesaj ! Let’s go

35,781 görüntüleme

#Immigration: Let's be clear: You don’t need to be a US intelligence agent to spot this fake video targeting Haitians in the election. 🇭🇹 First, it was lies about “Haitians eating dogs”; now they’re claiming you can get U.S. citizenship in just 6 months. All Haitians know only U.S. citizens can vote in this election. I've tweeted about it many times. We know the penalty: a $10,000 fine and up to 5 years in prison for violating this law. Haitians are not here to involve in U.S. politics if not citizen. Haitians are hardworking people, contributing to the U.S. in every way—whether it’s under the hot sun and pouring rain on construction sites, tending gardens, working in factories, providing care in nursing, or supporting every level of administration. We’re here to build, to uplift, and to pursue the American Dream, just like everyone else. 🛑 Fact Check: Even if married to a U.S. citizen, you need 3 years as a resident before applying for citizenship. Otherwise, it’s 5 years if you hold permanent residency or have been granted asylum.This timeline is law — no shortcuts. 📢 It’s alarming that high-profile figures overlook these obvious facts. We need to fight misinformation by using common sense + tech to debunk these narratives. Whenever you see lies like this, tag me. Let’s stand up for Haitians with truth! Alex Cole Ed Krassenstein Elon Musk Voice Of Our Ancestors Channel Erin Burnett OutFront Abby D. Phillip AFP Fact Check 🔎 FRANCE 24 Français @KamalaHQ bluesky Christopher C. Cuomo

21,032 görüntüleme

#Immigration: Administrasyon Trump lan kèk minit aprè l prete sèman, kanpe tout moun ki tap mande azil depi sou fwontyè, sa fè youn. Bridsoukou, li pase siyati l epi kanpe pwogram Biden lan pou moun pa kontinye fil fòm I-134A ki pèmèt plis pase 530,000 sitwayen ki te sibi pèsekisyon vin rale yon souf pa bò isi, sa fè 2. Sekretè Deta (DHS) aprè 24è li fin prete sèman revoke yon TPS ekstansyon pou 600,000 Venezyelyen ki aktyèlman la lage nan kouri, ann mete sa pou 3. Bon! semèn sa jan nou tande l la administrasyon an ap travay pou revoke Humanitarian Parole pou tout moun ke li espire ou pa, ann di sa fè 4. Koulye a, mete bon sans ou deyò, banm yon bon rezon ki fè ou panse li pap pral atake TPS tou? Ou menm kap tann kat ou anba TPS ou panse moun yo care pou ou ki pral pèdi travay pou yo fè presyon pou voye kat ou ba ou? Ebyen rele yo pou wè, yap toujou di w ou nan time frame kidonk se tann pou tann alòske travay ou konte jou pou revoke nou. Guys, banm repete aprè sa kèk avoka di:“ Tout sa nou kalifye pou li,fè li! Nou ka gen plizyè estati youn pap deranje lòt” moun kap peye kay fè atansyon depi travay ou kanpe w konnen byen ou pap jwenn kòb pou kontinye peye l sa tou ka lage ou nan eviksyon kidonk toujou bat pou gen yon estati valid ak yon kat travay ki pa espire. Nou ka wè sa, jwèt la kòmanse mare!

15,028 görüntüleme

#𝐑𝐞𝐬𝐨𝐮𝐫𝐜𝐞𝐬: Pa dim nou panse avan nou rive jwenn yon entèvyou pou travay menm sou #Indeed, #LinkedIn, #Glassdoor, #ZipRecruiter, and #CareerBuilder se yon ekip ki resevwa cv ou an, li li, ranje l , epi voye l bay konpayi an! Non! Nou tap ri moun yo! Se AI ki li cv ou voye an, triye #keywords yo, konpare yo ak sa Konpayi an bezwen epi voye ba yo pou yo planifye entèvyou. Konsa si tout fwa #cv ou an pa itilize keywords , yon cv tradisyonèl gen anpil chans rete sou sistèm lan san chans pou jwenn yon #entèvyou. Yè mwen aplike travay pou 2 moun, nan mwens pase 30 minit tout 2 jwenn yon entèvyou! Tout sa se gras ak AI. Next,nan yon #Webinar gratis, mwen pral montre nou kòmanse pou nou itilize AI pou fè yon cv ki gen nen nan figi l, korije sa ou gen deja, mete keywords ak “bullets points” mete l nan lòd ki nesesè , fòmate l jan l dwe ye epi jwenn yon entèvyou. Nou pral wè tou, kòman pou nou itilize teknoloji epi jwenn yon entèvyou san pa gen yon rekritè (in- person) kap ni pale ak ou nan telefòn ni ekri ou. Nou pare? Kòmanse niche pwent kreyon nou epi rete konekte! Dorvilus F. Baeur Pataje ak pwòch nou ki ap chèche travay, kou lis lan sòti se petèt 20 premye yo ki ap kapab patisipe nan #Webinar sa. Stay Tuned! #jobseekers #AI #Jobs

15,144 görüntüleme

An jeneral sou ki baz DHS renouvle TPS pou kèlkeswa peyi an daprè seksyon 244 Immigration and Nationality Act (INA)? Daprè lwa chak TPS yon peyi benefisyè pral fini DHS gen pou devwa analize sikonstans peyi an epi 60 jou avan pou fè sòti nan jounal ofisyèl Federal Register si yap renouvle TPS lan pou 6, 12 oubyen 18 mwa oubyen non. Men pou n onèt ak nou, ni Parole ni TPS pat janm la pou tout tan se rezon sa yo ki fè youn la pou 2 lane lòt la la pou 6,12 oubyen 18 mwa, kòm sitiyasyon lakay pa janm gen yon amelyorasyon paske nap fonksyone kriz sou kriz, dega sou dega men sa pa ka chanje lwa peyi kote nou ye an. Men pou m di nou tou, si administrasyon an ap kontinye swiv sa lwa mwen sòt esplike anlè a, nan chak review nou ta sipoze pase paske depi 2010 pa janm gen yon chanjman ki fèt, prezidan ki te pwomèt 400.000 kay la okontrè kite 1.5 milyon Ayisyen nan lari. Koulye a bagay yo vin pi rèd nèt: prezidan mouri pandan lap taye zèb devan kay madanm li. Gang reyini yo epi fòme òganizasyon yo menm mande entegrasyon yo nan lavi politik peyi sa ki lakòz lè nèg sa yo fimen bòz, fimen pwèl yo, sa yo lakòz 1 milyon Ayisyen deplase epi ale anba tant ankò. Tout sa mwen esplike la yo ta dwe nan review DHS lan epi di : You know what Haiti TPS should be renewed! Tout sa yo sa depann ak ki zye li fè analiz sa yo. Note sa yon kote, si se ak yon zye politik, li kapab jwe kwen tann plis pase 60 jou pou ba nou yon ti TPS bout pa bout tankou ba nou 6 mwa oubyen 18 mwa se sa ki lakòz moun ki te kalifye pou lòt estati ki te pwofite konsèy mwen yo koulye a gen lòt bagay nan men yo, yo ka pa menm itilize estati sa nan dokiman yo ankò. Pou m konkli, daprè tout lojik nou toujou kalifye anba definisyon lwa sou imigrasyon an paske pa gen chanjman pozitif nan nivo sekiritè depi 2010 jouska jodi paske pa gen okenn siy tou ki prevwa yon chanjman kwake nou chaje polisye ak solda ki sòti lòt peyi pou vin ede. Tankou yon pikòp Toyota 3 pedal ki anbreye sou bak sou tèt mò Kanapevè, nou gen lontan nou pa fè avan. Bon week-end ! Genbe fèm!

11,902 görüntüleme

#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: Tweet sa se yon rafrechi memwa, moun ki entèlijan anpil pral bookmark li, sa ki konnen enpòtans li pral pataje l ak yon lòt. Se yon rapèl sou kèk gwo pwen ki enpòtan pou nou sonje: ✔️ Peryòd renouvle #TPS lan fini, moun ki pral fè l pou premye fwa toujou kapab fè li,men sonje pi bonè se granm maten. Ou pa janm konnen si administrasyon pap chanje menm lè wap toujou kapab fè l men li ka pran plis tan. Peryòd renouvle a fini se vre men toujou gen posiblite rekou, adrese Web509 si w bezwen èd. ✔️ Yon kat travay sou TPS dire 18 mwa, yon kat travay sou Azil ba ou 5 an, pa bliye règ jwèt lan ke w te sou viza oubyen Biden...ou dwe aplike pou Azil avan 1 an pran w isi se sa lwa sou koze sa di si ou vle pwofite de li. Note sa, pami TPS, Biden, sèl azil ki bay yon wout pou jwenn rezidans pa bò isi. ✔️ Gade dat espirasyon ki sou kat travay ou an, si li manke 3 mwa pou li espire ou te dwe renouvle l avan w wè tweet sa, tanpri pa kite malè kat travay espire rive w pa bò isi paske menm pèmi pou kondwi se menm dat lan ki sou li. HR nan travay ou an pap pran pawòl wap ba li yo paske se USCIS E-Verify ki kontwole si kat ou valid oubyen non. ✔️Tout bèl Tesla ou wè yo, tout gwo kay yo, tout gwo biznis yo, anfen tout siksè ou wè yo se yon siskè aparan, mwen di nou sa paske ou pa kapab bouje isi san KREDI. Se kredi ki pou fè w woule yon vye bogota oubyen lwe yon estidyo pou rete. Gen konferans aswè a pou moun ki vle aprann bati kredi yo si sa enterese mwen ka mande kèk plas pou nou, li kreyòl tou. ✔️Pa pran chans pran lanmè pou vini isi, fè yon pwòch fil HHP pou ou si w vle vini isi legalman. Wout fwontyè se wout tèt chaje, pa gen okenn garanti wap reyisi nonplis. Jan m di l anlè a, fè fil #Biden pou ou, veye lè #PIP an ap mache fè fanmi w fil pou ou. Sèlman moun ki konprann mesaj sa ki pral pataje li, mwen swete ou se youn ladan yo. Bon Jedi tout moun! #Immigration

14,413 görüntüleme

#𝐑𝐞𝐬𝐨𝐮𝐫𝐜𝐞𝐬: Atansyon moun kap chèche travay: “What is your salary expectation? " Se youn nan kesyon ki plis difisil yo souvan poze nan yon entèvyou pou travay . Mwen pèdi yon pozisyon sipèvizè paske m te reponn kesyon sa mal, men nou pa bezwen fè menm erè mwen te fè a 4 an aprè. Lè kesyon sa tonbe nan lestomak ou, fè figi w byen di reponn li nan sans sa si omwens ou gen yon lide de pi piti pri yo bay pou pozisyon an, sa se yon ekzanp, “ Mwen rete kwè ant $28 - $35 ap bon epi ajoute ou kwè lè yo peye yon pozisyon daprè konpetans oubyen esperyans. ( si tout fwa ou gen esperyans). Pa janm bay yon pri ekzat, bay yon entèval ant pi pitit salè a rive nan sa w ta bezwen an. Ak repons sa, ou fleksib, lòt kandida ki te mande $36 dola ou deja bon sou li. Moun ki tap fè entèvyou an, pap janm bliye ou te fleksib, ou met rete kwè wap jwenn yon kout fil kanmenm paske w te reponn kesyon sa ak anpil entèlijans. Ou twouve lòt zanmi dwe konnen sa, pataje l ak yo. #Jobs #Interviewtips

12,675 görüntüleme

Videos

dennly109's profile picture

Gen kèk tijèn ki pran plèzi nan poste foto pandan yo nan travay yo sou rezo sosyal yo swa pou yo relaks yo oubyen pou yo ogmante prezans yo online; menm lè pèson moun pè di nou anyen, kite m rale zorèy nou. Pou kòmanse nou pa lakay ki pa siyen anyen sou elektwonik ki pa pase paraf yo sou rezo sosyal nonplis. An jeneral prèske tout konpayi ameriken yo gen yon Social Media Policy yo fè w siyen avan ou travay pou yo. Ou siyen l kanmenm menm lè ou pa rekonèt sa. Anpil anplwaye anba sa yo rele Non-Disclosure Agreement , Daprè sa yo, yo pa ka fè sa yo vle menm lè yap travay pou yo si w pran chans di ou travay pou yo ankoulis ou pa ka fè l sou rezo sosyal. Ekzanp lan klè, mwen se youn ladan yo, si m poste kote map travay la nan bio mwen a Jodi a , lendi mwen mèt tou rete lakay mwen paske mwen ka fè gwo dega ak enfòmasyon map manyen yo…. An gwo konpayi yo pa vle sa, ou ka mete yo nan pwoblèm,m. Pa ekzanp, nan videyo sa sèlman gen pil detay ki te ka mete zanmi a nan kouri dayè adrès ak non moun ki sou bwat yo se deja Doxxing, kliyan yo kapab rele Amazon tribinal pou sa. Ou pa ka itilize truck konpayi an ak logo l mete sou enfomasyon kliyan l yo ki piblik. Pou m fè tweet lan kout, avan nou poste kèlkeswa yon bagay ki gen pou wè ak biznis moun yo chèche konnen avan ki Social Media Policy oubyen eske nou pa anba Non-Disclosure Agreement. Sa valab pou kèlkeswa lòt biznis lan paske m konnen anpil nurse pèdi job yo pou sa paske yo fè foto pasyan yo oubyen mete enfòmasyon deyò nan fè TikTok. Kòm videyo an piblik, mwen pataje l pou m alète nou, men entansyon an se pa pou ni blaze msye oubyen fè videyo a mache. Se jous pou evite lòt moun kontinye nan menm wout lan.

Dorvilus F. Baeur

33,122 görüntüleme • 1 yıl önce

dennly109's profile picture

Demokrat ak Repibliken nan Dosye Depòtasyon: Diferans nan Retorik ak Estrateji Youn nan gwo diferans ant Demokrat ak Repibliken nan jan yo jere dosye depòtasyon yo se sa: Pou Demokrat, tankou administrasyon Obama ki depòte prèske 3 milyon moun pandan de manda li yo, operasyon depòtasyon yo te fèt ak anpil rigè, men san yo pa fè bri. Objektif la te pou evite fè fas ak kritik piblik la ki ka diminye moral moun yo oswa fè elektora yo santi yo trayi pa politik imigrasyon yo. Demokrat yo toujou ap eseye prezante tèt yo kòm pi fleksib ak imanitè, sa ki eksplike poukisa yo pa mete aksan sou operasyon depòtasyon yo. Nan lòt bò, Repibliken yo gen yon apwòch ki pi agresif, ak yon retorik estratejik ki sèvi pou kominike pozisyon yo kont imigrasyon ilegal. Yo itilize depòtasyon kòm yon zouti politik, pa sèlman pou fè respekte lwa imigrasyon yo men tou pou voye yon mesaj politik klè bay baz elektoral yo, ki souvan sipòte politik ki pi strik sou imigrasyon. Kòm ekzanp, Administrasyon Obama, malgre yo pat fè bri, depòte plis moun pase administrasyon Trump premye tèm lan. Tom Homan, ki te responsab Enforcement and Removal Operations (ERO) pandan Obama, te jwe yon wòl kle nan mass deportations sa yo, men jan administrasyon an te jere operasyon yo san bri, mouch Homan pat yon non ki abitye tande. Kontrèman, pandan administrasyon Trump lan, Homan tounen yon figi piblik ki sèvi ak retorik agresif pou fè respekte politik imigrasyon yo. Sa nou dwe sonje se sa : kèlkeswa administrasyon an, depòtasyon rete yon eleman enpòtan nan aplikasyon lwa imigrasyon yo. Se responsablite pa nou pou nou toujou kenbe estati legal nou epi swiv règ yo pou evite nenpòt pwoblèm. Administrasyon yo ka chanje, men travay imigrasyon yo kontinye fèt, swa nan bri oswa nan silans. Bon lendi tout moun! Pa bliye pataje sa ki al itil nou se dòmi m mwen kite pou m pataje sa ak nou. 🫡

Dorvilus F. Baeur

23,594 görüntüleme • 1 yıl önce

dennly109's profile picture

#𝐓𝐨𝐩𝐍𝐞𝐰𝐬: Tout moun ki gen pou bon an pwogram #Biden lan gen pou fil fòm I-797C " pou #𝐟𝐢𝐧𝐠𝐞𝐫𝐩𝐫𝐢𝐧𝐭𝐬 "le ou la” fason. 𝙏𝙬𝙚𝙚𝙩 𝙨𝙖 𝙠𝙤𝙣𝙨è𝙣𝙚 𝙩𝙤𝙪𝙩 𝙢𝙤𝙪𝙣 𝙖𝙡𝙖𝙬𝙤𝙣𝙗𝙖𝙙è, 𝙠𝙚 𝙬 𝙩𝙖𝙥 𝙩𝙖𝙣𝙣 𝙧𝙚𝙯𝙞𝙙𝙖𝙣𝙨, 𝙤𝙪 𝙜𝙚𝙣 𝙏𝙋𝙎, 𝙤𝙪 𝙩𝙚 𝙥𝙖𝙨𝙚 𝙨𝙤𝙪 𝙛𝙬𝙤𝙣𝙩𝙮è, 𝙤𝙪 𝙩𝙚 𝙫𝙞𝙣 𝙨𝙤𝙪 𝙗𝙖𝙩𝙤, 𝙤𝙪 𝙩𝙚 𝙢𝙤𝙪𝙣 𝙠𝙞 𝙗𝙚𝙣𝙚𝙛𝙞𝙨𝙮𝙚 𝙥𝙬𝙤𝙜𝙧𝙖𝙢 #𝘽𝙞𝙙𝙚𝙣 𝙡𝙖𝙣. 𝙏𝙤𝙪𝙩 𝙢𝙤𝙪𝙣 𝙣è𝙩 𝙠𝙤𝙣è𝙣𝙚. 1- Depi ou gen randevou pou fè anpwent , tout notis yo te voye ba ou pou anpwent kelkeswa lòt estati ou genyen pote yo jou randevou a. 2-Pote yon pyès pou idantifye w ki pa espire tankou Green Card, paspò, Lisans…) 3-Toujou fè yon kopi notis lan paske yo pap baw yon copy papye randevou an. 𝐊𝐢𝐬𝐚 𝐰 𝐝𝐰𝐞 𝐚𝐭𝐚𝐧𝐧 𝐣𝐨𝐮 𝐫𝐚𝐧𝐝𝐞𝐯𝐨𝐮 𝐚𝐧? Pa fè okenn estrès, randevou sa pa yon entevyou, yon ajan pran pran tout enfomasyon sou ou, fè siyen, ou pral sèmante tou tout enfomasyon w bay yo se laverite. Ajan pral fè anpwent tout 10 dwèt ou yo. Men atansyon si w timoun ou gen mwens 14 lane, yo pap mande l siyen.Yo ka sèlman mande pou ekri non yo si yo kapab oubyen yon paran kapab siyen pou yo. Si w bezwen yon moun pou tradwi pou ou pa fè tèt cho, yon zanmi, yon avoka oubyen yon fanmi kapab akonpaye w, yo kapab tradwi pou ou. #Next: Kisa mwen dwe fè si m pèdi dat randevou anpwent lan? Kòmante , pataje, nan yon lòt tweet wap jwenn repons lan. 𝒟o𝓇𝓋𝒾𝓁𝓊𝓈 𝐹.𝐵𝒶𝑒𝓊𝓇 Crédit vidéo : USCIS

Dorvilus F. Baeur

41,197 görüntüleme • 3 yıl önce

dennly109's profile picture

Immigration: Mwen fè yon bèl rechèch sou rezon anpil nan konpatriyòt nou yo tonbe nan entèvyou, sa pouse m detere yon videyo ki reponn ak yon pakèt kesyon ki ap gide nou byen fè monte yon dosye ak yon entèvyou azil epi ogmante chans pou nou genyen yon case paske demann azil yo pa sispann ogmante. ✔️ Anpil moun pat janm konnen sa ki azil la, sitou an Ayiti yo te menm marye mo a ak azil politik, non se pa sa selman! Se vre Ayisyen souvan tonbe anba grounds poltik men gen 4 lòt rezon ankò moun kapab kalifye anba yo. ✔️Jan nou konnen l, se vre vyolans gang yo anpil men tanpri souple li pa yon grounds. Se vre gen povrete men tanpri li pa yon agiman pou azil nonplis paske jan nou konnen l deja si te pat pou lòt rezon anpil nan nou pa tap janm vin rete isi poutèt lajan selman paske nou tap viv kanmenm kou mèt Janjak nou gen bon rezilyans. Pa itilize agiman sa nonplis paske nou sImmigration: Mwen fè yon bèl rechèch sou rezon anpil nan konpatriyòt nou yo tonbe nan entèvyou, sa pouse m detere yon videyo ki reponn ak yon pakèt kesyon ki ap gide nou byen fè yon entèvyou epi ogmante chans pou nou genyen yon case paske demann azil yo pa sispann ogmante. ✔️Rechèch yo montre tou nou souvan gen pwoblèm jwenn prèv men pou m klè ak nou, sa depann de koman nou trenen dosye nou an oubyen kiyès ki ap travay ak nou. Pou yon rapò polis, yon rapò medikal, yon rapò plent, si nou pa ka jwenn nou fòk nou eksplike ki rezon ki lakoz nou pa ka jwenn yo paske ofisye/jij lan pa Ayisyen, se nou ki pou eksplike yo. Depi mwa Mas 2023, gang Kwadebouke pran kontwòl komisarya ak tribinal la ki lakoz ou pa ka jwenn rapò polis ak plent men si w pa di kreten kap asiste istwa azil wa sa pou li note l kòm agiman, sa se fot ou tou. ✔️Se nou ki pou enfòme ofisye/jij lan sitiyasyon nou ki lakòz nou pa ka jwenn yon rapò medikal, dayè menm pi gwo Lopital peyi a pa fonksyone depi kèk jou kote w tap jwenn li. Se ou tou ki pou di ofisye/jij lan jwenn yon foto kay nan zòn Matisan ak lòt kote ankò se bagay difisil paske menm Lapolis pa mete pye yo nan zòn sa depi 3 lane. Pou rive La Jakmèl, se elikoptè yo lwe pou pase anlè. Se nou ki pou di ofisye/jij lan koman sitiyasyon an ye pou retire tout vye lide oubyen biais yo te ka gen nan tèt yo. Depi kilè yon moun ki te blese nan men te konn jwenn yon rapò medikal? Se pa tout kote, gen kèk klinik ki pa gen yon sèvis konsa. Eksplike sa paske se ou ki ap defann tèt ou. ✔️Mwen kite sa la ak denye agiman sa: Jwenn yon pwofesyonèl ede nou, pa pran chans nan yon dosye konsa! Tout sa mwen eksplike la, se nan yon Written Statement byen prepare yo dwe chita. Fòk fòm I-589 lan byen ranpli ak tout lojik kwonolojik kote menas ou te sibi yo dewoule daprè lojik. Asire nou nou aplike avan yon lane deadline lan fini menm lè ou ta aplike apre yon lane, asire w ou byen dokimante rezon ki fè ou pat aplike pandan 1 an ou te sou sòl la paske gen yon kesyon sou sa, bay agiman ki lakòz sa. ✔️Ofinal, bay verite sou sa ki te rive ou an paske ajan pa pral kesyone sa w di yo, men dwa lwa fòk ou di laverite, ou dwe di laverite jan sa te pase a. Gade videyo sa, se yon ansyen ofisye imigrasyon epi yon avoka ki fè li, se youn nan pi bon videyo ki reponn anpil kesyon nou te dwe konnen avan nou antame yon demach pou azil si tout fwa nou kalifye. Pa bliye mwen toujou pataje yon lis avoka gratis konsilte avoka nou oubyen si nou vle kontakte Web509 pou ed li,ekip sa byen solid, yo pran fomasyon pou sa menm le yo pa avoka. Amize nou epi pataje ak yon lòt. #Credit: Political Asylum Lawyer

Dorvilus F. Baeur

16,578 görüntüleme • 1 yıl önce

dennly109's profile picture

#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: Nou sonje Bus Kafoufèy yo? Toujou byen bèl, bèl kout penti. Se te toujou yon plèzi pou m gade yo men sèl ti pwoblèm mwen te gen ak yo se bri an kwake sa te fè anpil lòt moun plèzi. ✔️Trafik isi trè diferan, se la koze kilti an se gwo koze, pa bò isi moun pa kanpe nan Bus, yo pa jwe mizik nan Bus, pòt yo pa dwe rete louvri pandan yap kouri, bus lan tou reflete kòman moun yo viv. ✔️Janm te di l nan yon pòs yè, nou se bon moun jan nou bouje ak lòt, pèson pap di nou pat konn chita sou yon pasaje, nou tout te konn pran sèso, pa vre? Ebyen, isi pa gen sa, non sèlman moun pap kite w chita sou li Bus lan pap deplase tou toutotan ou pa chita. Depi w sispèk moun pa vle chita bò kote w gen yon bagay ki pa nòmal nan ban ou an. ✔️Moun isi pap mete telefòn yo sou #speaker pandan yo nan trafik piblik, yo pap kontan si w fè sa tou, Bus yo fèt yon fason pou moun andikape chita tou daprè “Americans with Disabilities Act (ADA)” yon lwa ki kouvri yo kidonk kite espas sa yo vid si tout fwa ou pa gen okenn andikap. ✔️Devan ak dèyè Bus yo gen kote pou mete bisiklèt ou, andedan Bus lan pa fèt pou sa, kidonk fè bon sans nou travay, si gen pouse, batay pou plas desann pran yon lòt paske depi bwa mare se Lapolis ki pral mete pye. ✔️Jan pwovèb lan di l lè w an Wòm ou dwe konpòte w tankou “Women”. Talè a map tande yon responsab sekirite sou CNN kap pale edikasyon sou zafè kondwi daprè sa ki pase #Ohio a, si adaptasyon an difisil pou fèt nap sezi wè yo chanje tès kondwi yo epi ranfòse lwa epi fè nou peye gwo pri pou sa. M te toujou di l, gade jan moun yo ap viv pou nou adapte nou, lwa pap chanje pou nou se nou ki pou chanje epi antre nan fòm lan. Se vre pòs la long men lap itil anpil lòt pa neglije pataje li tout kote. #entegrasyon #adaptasyon Credit: ABC News

Dorvilus F. Baeur

19,438 görüntüleme • 1 yıl önce