
Etzer Emile
@etzeremile • 202,635 subscribers
Economist | MBA | Author | [email protected] 📞: +509 47461212
Videos

Nan mwa dawout 2025, m te pibliye yon emisyon ki prezante 9 pwen enpòtan nan yon estrateji pou abòde zafè ensekirite nan peyi a. Mete kanpe yon sistèm entelijans se youn nan 9 pwen yo. Gade moso sa. Epi klike sou lyen YouTube la si n anvi gade tout emisyon an. Avan m fini, pou moun ki kwè peyi "demokratik" ki gen "etat de droit" pa espyone moun ak gwoup yo panse ki ka poze pwoblèm. Kontinye kwè sa. Bon lajounen !
Etzer Emile29,305 views • 1 month ago

Mwen te kontan anpil pou sipòte yon pwogram fòmasyon nan komin Ano, depatman Nip ki te pèmèt plis pase 1200 jèn resevwa yon metye pratik. Pwogram sa ki rele "Metye w se Avni w" se yon inisyativ òganizasyon RECERE-N ki gen nan tèt li pwofesè Frantz Delia. N ap toujou kanpe bò kote jenès la. Mèsi depatman Nip.
Etzer Emile28,045 views • 2 months ago

Daprè chif BRH, transfè dyaspora yo rive anviwon 5 milya dola ameriken an 2025. Malgre ensètitid ki genyen sitou Etazini pou divès gwoup migran Ayisyen 🇭🇹, transfè yo kontinye ogmante. Yo reprezante anviwon 20 % PIB peyi a. Pi gwo kontribitè a se Etazini. Dyaspora ki Etazini 🇺🇸 voye anviwon 79.24 % tout transfè yo ki vini Ayiti. Apre sa nou jwenn Lafrans 🇫🇷 ki reprezante 5.34 %, epi Kanada 🇨🇦 ak anviwon 5.06 %. Pran 4 minit pou gade videyo sa ! Mèsi.
Etzer Emile36,396 views • 6 months ago

Jèn yo dwe sispann jwe wòl dekorasyon pou rive aksede ak yon lidèchip reyèl
Etzer Emile14,838 views • 3 months ago

🔵🔴 Ricardo te ale Ozetazini 🇺🇸 nan kad pwogram Biden lan, apre 2 zan, li retounen nan zòn lakay li Limonad pou l lanse yon pwojè agrikòl !💪🏾🌿 Se yon istwa enspiran ki prezante yon jèn gason ki kwè nan rèv li. 👉 Gade videyo a, pataje l, epi pa bliye ABÒNE 🔔 ak chanèl YouToube mwen pou ka gade tout emisyon an. Mèsi. 🔵🔴
Etzer Emile16,280 views • 5 months ago

🔵🔴Pran yon dizèn minit pou gade yon moso nan entèvyou m bay avanyè madi nan jounal Radio Caraïbes. M pale sou : 🔹Enpòtans envestisman piblik nan pwosesis devlopman. 🔹Obligasyon ki genyen pou ranfòse devlopman rejyon Nò ak Sid. 🔹Rezon ki fè sèten sektè pa vle Pò pwovens yo fonksyone. 🔹Anfen, m entèpele nouvo gouvènman pou yo poze aksyon oze, aksyon ki ka deranje moun, pou ka gen chanjman reyèl.🔵🔴
Etzer Emile43,597 views • 2 years ago

🔵🔴Nan kèk lane Prezidan Bukele rive mete sekirite nan peyi Salvadò. Ayiti ka fèl tou. Sa mande yon lidèchip ki pwòp ki pa nan mare sosis ak bandi, estrateji batay ki efikas, metòd, ak bon jan mwayen (moun, ekipman, z4m, teknolojik, lajan, etc…). 🔵🔴 Credit : Guy Webern GUERRIER
Etzer Emile22,998 views • 1 year ago

Ni lekòl ni legliz ni medya ni fanmi yo pa rive pwodui kalite sitwayen sosyete a bezwen pou l ka avanse. Lekòl ap ede timoun yo pase klas, medya ap amize nou e manipile nou, legliz ap prepare nanm nou pou n ale nan syèl e fanmi yo, pi souvan se yon manman ki lage poukòl ki pa gen ni tan ni mwayen pou l ta fòme nou. Se pa yon aza si nou se yon pakèt moun sou yon bout zile men ki pa sitwayen, ki ap viv san lanmou, san atachman, san sakrifis pou peyi a. Pran 7 minit pou gade sa. Pataje l ak lòt. Mèsi.
Etzer Emile35,922 views • 1 year ago

Pandan 40 dènye ane yo, gen dirijan ki te pran desizyon politik ak ekonomik pou kraze pwodiksyon diri 🍚lokal pou bay avantaj ak diri etranje🍚, sitou sa ki soti Ozetazini. Pran 11 minit pou gade videyo sa pou konnen e konprann kiyès, kisa e kilè. Pataje l ak lòt. Mèsi.
Etzer Emile41,796 views • 2 years ago

Èske w te konnen mwen menm Etzer Emile m se yon envestisè nan antrepriz Damesara_ca ❓ Jodi a mwen vini pale w sou opòtinite ou genyen pou ka envesti tou nan kad yon finansman kominotè Damesara_ca fèk lanse. Se okazyon ideyal pou w kontribiye nan kwasans yon biznis ayisyen 🇭🇹 nan dyaspora. ✅Siw bezwen konen kijanw pouw envesti? ✅Poukisa pouw envesti? Videyo sa se pou ou ‼️ Klike sou lyen sa pou plis enfòmasyon :
Etzer Emile11,802 views • 5 months ago