
Etzer Emile
@etzeremile • 201,675 subscribers
Economist | MBA | Business Consultant | Author | TV show host | CEO @HaitiEfficace1 | [email protected] | https://t.co/pCl8zRZrs2
Videos

Daprè chif BRH, transfè dyaspora yo rive anviwon 5 milya dola ameriken an 2025. Malgre ensètitid ki genyen sitou Etazini pou divès gwoup migran Ayisyen 🇭🇹, transfè yo kontinye ogmante. Yo reprezante anviwon 20 % PIB peyi a. Pi gwo kontribitè a se Etazini. Dyaspora ki Etazini 🇺🇸 voye anviwon 79.24 % tout transfè yo ki vini Ayiti. Apre sa nou jwenn Lafrans 🇫🇷 ki reprezante 5.34 %, epi Kanada 🇨🇦 ak anviwon 5.06 %. Pran 4 minit pou gade videyo sa ! Mèsi.
Etzer Emile36,157 次观看 • 2 个月前

🔵🔴 Ricardo te ale Ozetazini 🇺🇸 nan kad pwogram Biden lan, apre 2 zan, li retounen nan zòn lakay li Limonad pou l lanse yon pwojè agrikòl !💪🏾🌿 Se yon istwa enspiran ki prezante yon jèn gason ki kwè nan rèv li. 👉 Gade videyo a, pataje l, epi pa bliye ABÒNE 🔔 ak chanèl YouToube mwen pou ka gade tout emisyon an. Mèsi. 🔵🔴
Etzer Emile15,817 次观看 • 1 个月前

Èske w te konnen mwen menm Etzer Emile m se yon envestisè nan antrepriz Damesara_ca ❓ Jodi a mwen vini pale w sou opòtinite ou genyen pou ka envesti tou nan kad yon finansman kominotè Damesara_ca fèk lanse. Se okazyon ideyal pou w kontribiye nan kwasans yon biznis ayisyen 🇭🇹 nan dyaspora. ✅Siw bezwen konen kijanw pouw envesti? ✅Poukisa pouw envesti? Videyo sa se pou ou ‼️ Klike sou lyen sa pou plis enfòmasyon :
Etzer Emile11,511 次观看 • 1 个月前

🔵🔴Nan kèk lane Prezidan Bukele rive mete sekirite nan peyi Salvadò. Ayiti ka fèl tou. Sa mande yon lidèchip ki pwòp ki pa nan mare sosis ak bandi, estrateji batay ki efikas, metòd, ak bon jan mwayen (moun, ekipman, z4m, teknolojik, lajan, etc…). 🔵🔴 Credit : Guy Webern GUERRIER
Etzer Emile22,917 次观看 • 8 个月前

🔵🔴Pran yon dizèn minit pou gade yon moso nan entèvyou m bay avanyè madi nan jounal Radio Caraïbes. M pale sou : 🔹Enpòtans envestisman piblik nan pwosesis devlopman. 🔹Obligasyon ki genyen pou ranfòse devlopman rejyon Nò ak Sid. 🔹Rezon ki fè sèten sektè pa vle Pò pwovens yo fonksyone. 🔹Anfen, m entèpele nouvo gouvènman pou yo poze aksyon oze, aksyon ki ka deranje moun, pou ka gen chanjman reyèl.🔵🔴
Etzer Emile43,478 次观看 • 2 年前

Ni lekòl ni legliz ni medya ni fanmi yo pa rive pwodui kalite sitwayen sosyete a bezwen pou l ka avanse. Lekòl ap ede timoun yo pase klas, medya ap amize nou e manipile nou, legliz ap prepare nanm nou pou n ale nan syèl e fanmi yo, pi souvan se yon manman ki lage poukòl ki pa gen ni tan ni mwayen pou l ta fòme nou. Se pa yon aza si nou se yon pakèt moun sou yon bout zile men ki pa sitwayen, ki ap viv san lanmou, san atachman, san sakrifis pou peyi a. Pran 7 minit pou gade sa. Pataje l ak lòt. Mèsi.
Etzer Emile35,810 次观看 • 1 年前

Brezil 🇧🇷posede 3èm pi gwo konpayi ki fabrike avyon ✈️nan mond lan. Kidonk, Brezil pa sèlman yon gwo moso nan zafè pwodiksyon agrikòl, se tou yon gwo aktè mondyal nan zafè min ak nan domèn endistriyèl 🏭. Nap raple tou Brezil fabrike chak ane 2 milyon machin 🚗. Brezil se pi gwo ekonomi nan tout Amerik la apre Etazini 🇺🇸. Li gen yon sektè touristik devlope tou etc... Pran 5 minit pou gade epi pataje. Mèsi.
Etzer Emile33,342 次观看 • 1 年前

Yon ti moman trankil sou lanmè nan Chouchou Bay Plage 🏖️ nan komin Pò Mago, Depatman Nò peyi Dayiti. M te byen poze m nan yon ti kannòt 🚣♂️ap fè ti dyalòg ak 2 pechè pwason🐟. Yo te pale m de defi ak opòtinite ki devan yo nan kad aktivite sa yo ap fè. Wap tou dekouvri gwosè mèvèy plaj 🏖️sa.
Etzer Emile11,070 次观看 • 5 个月前

Pandan Donald Trump deside mete tarif sou Meksik 🇲🇽, Kanada 🇨🇦 ak Lachin 🇨🇳 pou l ka dekouraje moun Etazini 🇺🇸 achte nan men peyi sa yo, yon bann lòt peyi pral pwofite sitiyasyon sa pou voye vann plis pwodui Ozetazini. Nou te wè sa deja pandan premye manda Trump lan. Lèl te mete tarif sou Lachine, yon bann peyi an Azi tankou Vietnam 🇻🇳, Corée du Sud 🇰🇷, Taiwan 🇹🇼, Thailande 🇹🇭, Malaisie 🇲🇾 ak kèk peyi nan Amerik tankou Costa Rica 🇨🇷, Brezil 🇧🇷, Chili 🇨🇱, Perou 🇵🇪 te ogmante ekspòtasyon yo sou mache ameriken. Ane sa ankò, ak nouvo tarif Donald Trump pwomèt pou l mete sou pwodui kap soti Meksik, Kanada ak Lachin, lòt peyi ki pa anba gwo tarif pral benefisye. Haiti 🇭🇹 tou pre Etazini e fè pati pwogram CBTPA, ki pèmèt nenpòt pwodui kap soti Ayiti ka antre Etazini san l pa peye dwan. Malerezman dirijan nou yo pa ko konn kòman pou n eksplwate tout avantaj sa yo pou Ayiti ka entegre komès rejyonal la.
Etzer Emile24,040 次观看 • 1 年前