
Jean Mary Simon
@Jeanmary_simon • 59,852 subscribers
Membre de la Commission Technique de Restructuration de la Radio et de la Télévision Nationale d’Haïti
Shorts
Videos

Mwen wete chapo m byen ba devan tout Atis sa yo ki aksepte mete talan yo ansanm pou ofri kado sa bay tout fanatik konpa sou latè nan okazyon 70 lane kreyasyon Mizik la. « Gad Devan » se yon pon ant sila ki gen plis eksperyans yo ak sila ki pozisyone yo pou relèv la. Anba plim Maestro Richie epi sou yon konpozisyon Maykimac, Atis yo rann omaj ak Pi Gran yo pandan yo di yo pare pou kontinye aprann epi pouse Mizik la pi lwen, yo mande Leta ankadreman epi kreye kondisyon pou yo kontinye bay kilti a jarèt. Mwen kontan mete tout Atis sa yo ansanm pou yon koz ki pi Gran pase nou: Konpa Dirèk ! Viv Konpa, Mèsi Nemours, Viv Ayiti! Tande l Pataje l , sipòte!
Jean Mary Simon35,770 次观看 • 10 个月前

Ti jèn, pa kite sòlda je drandran ke w ye a lonje dwèt sou pwofesyonèl ke m ye a. Rezo yo ka ba w enpresyon nou tout se menm men si m te atè a Jan w panse a se pa ou ki tap premye vin pile. Video sa gen plis pase 3 lane. E depi album sa soti a m jwenn diskou sa toupatou sou rezo yo. Rayi atis ak moun ou vle men respekte pwofesyonèl ke m ye a pa yon opsyon bro, se yon devwa. Bon lajounen
Jean Mary Simon42,565 次观看 • 1 年前

M suiv misye maten an. Nan moun kap kreye kontni misye nan yon kategori apa. M Envite nou suiv modèl jèn sa yo sou rezo yo. Ou ka pa dakò ak li men li merite atansyon w. Kadraj naratif li, jan l rann video a dinamik fè malgre FOMO (Fear Of missing out) a ou oblije bay misye 3 minit kan menm.
Jean Mary Simon24,010 次观看 • 1 年前

5 desanm 2018 Dener Ceïde ak Reginald Cangé òganize yon live Facebook pou konfime bri ki tap kouri pou di yo gen yon Djaz yo tap monte anba anba. San yo pat bay non pwojè a, 2 konplis yo te anonse ekzistans Band nan epi mande piblik la mete glas sou kè yo. 5 Lane apre album LAS soti rès istwa a nou konnen l
Jean Mary Simon25,408 次观看 • 1 年前

Mwen gen plezi prezante nou premye « Interview-Concert » mwen. Se yon konsèp ki altène bèl konvèsasyon ak pèfomans live envite a nan yon anbyans dekontrakte. Sanders MOOD BAND ak Mood Band se premye envite m nan konsèp sa. M envite w gade l pita 6è. epi di m sa w panse 🙏 XMD Prodz se yon alye nan demach sa.
Jean Mary Simon21,289 次观看 • 1 年前
2:42
Sensitive content
This media may contain sensitive content.
没有更多内容可加载
