
KAMOKEN NEWS
@KAMOKENNEWS • 3,418 subscribers
Page officiel Journal Kamoken news. ki prezante jounal sou Tweeter chak jou. Nou bay scoop pandan tout jounen. lwazi. E-mail:: [email protected]
Shorts
Videos

Aprè Rudy Sanon te fin fè gwo deklarasyon kont Yvenert Foeshter, kote li te akize jounalis la dèske li ta resevwa lajan nan men Sunrise Airways pou fè pwopagann medyatik pou konpayi an,paske Pdg radyo san fen an te bay opinyon sou yon sijè kap fè aktyalite ti kanè Jovenel la. Yvenert te entèvni nan menm emisyon an pou pote kèk klarifikasyon sou kestyon ti kanè ansyen prezidan Jovenel Moïse la, yon dokiman enpòtan Rudy Sanon fè konnen ki ta nan men Pierre Espérance.
KAMOKEN NEWS12,013 Aufrufe • vor 28 Tagen

Nan yon live TikTok ki reyini pigwo chèf gang ayiti kap feraye ann ayiti. Tankou Babekyou,Chris la,Izo vilaj,vitelòm,san nou pap bliye yon animatè konpa Fredly Jean Baptiste. Nan Live sa te gen Kervens Toussaint yon enfliyansè sou x ki trè souvan tout space ap pale politik,Nan live bandi yo Kervens mande ak tout gang yo,pou yo pran administrasyon piblik yo,tankou tout ministè yo pou mete moun pa yo pou ka rezoud pwoblèm peyi a. Gwo kesyon kap poze eske yon gwoup gang gen kapasite pou jere peyi ? Lèn konnen yo se veritab moun ki koz peyi a konsa. KN= Ksmoken News
KAMOKEN NEWS77,239 Aufrufe • vor 1 Jahr

Tande koze:: Gwo chèf gang lanmò 100 jou deklare si leta ayisyen ta pranl yo pap ka manyen yon grenn plim sou dol,paske si tout fwa yo ta manyenl yap gen kont a rann avèk Etazini usa 🇺🇸. Eske sa ta vle di gang yo ap travay pou entènasyonal la. Pou plis detay ann koutel
KAMOKEN NEWS46,105 Aufrufe • vor 1 Jahr

‘’Vyolans konjigal : nouvo revelasyon sou dosye Pedro Foce souke HMI a’’ Endistri mizikal ayisyen an (HMI) ap travèse youn nan pi gwo polemik li depi kòmansman ane a, apre plizyè enfòmasyon te sikile ki fè konnen Pedro Foce, lidè gwoup Djapot, ta agrese madanm li ak kout pwen kalòt — zak lalwa kondane — e li ta menm rive anba kestyonman lapolis. Nan premye moman yo, atis la te reyaji rapidman atravè yon videyo kote li parèt nan yon anviwònman detant, pou demanti akizasyon yo. Li te kalifye nouvèl la kòm yon envansyon “zanmi laprès”, pandan li te eseye minimize gravite sa k t ap sikile sou rezo yo. Repons sa a te divize opinyon piblik la: yon pati te pran defans chantè a, tandiske lòt yo te mande plis limyè sou dosye a. An menm tan, jounalis OB ak prezantatris Eudgie — pami premye moun ki te fè piblik la konnen enfòmasyon an — te vin sib gwo kritik ak atak vèbal sou platfòm dijital yo, espesyalman bò kote fanatik atis la. Men dosye a pran yon viraj desizif lendi 16 fevriye a, lè madanm atis la, Kim Chloe Valeus, soti piblikman ak yon mesaj ak videyo sou kont Facebook li. Nan temwayaj sa a, li akize dirèkteman Pedro Foce pou zak vyolans fizik ak move tretman li di li sibi pandan relasyon yo. Piblikasyon sa a relanse kestyon kredibilite premye denegasyon atis la epi ogmante presyon opinyon piblik la pou gen plis klarifikasyon. Afè a depase kad mizikal la pou antre nan yon kestyon sosyete: vyolans konjigal nan mitan figi piblik yo, wòl medya yo, ak limit solidarite fanatik yo. Jiskaprezan, opinyon piblik la rete pataje pandan anpil moun ap tann reyaksyon ofisyèl otorite yo sou kestyon an.
KAMOKEN NEWS13,559 Aufrufe • vor 3 Monaten

Mario Andresol ansyen DG pnh la mete Pierre Esperance toutouni nan emisyon televize sou Scoop fm,daprè sa Mario fè konnen gen moun ki pa lage nan prizon se paske yo pa peye Pierre Esperance,li te kontinye poul di mesye kap defann dwa moun nan pagen oken men vrèman oken krediblite pou pale nan figi moun. Pou plis detay ann koute ansanm Kredi:tripotay lakay KN= Kamoken News
KAMOKEN NEWS16,388 Aufrufe • vor 5 Monaten

Tout kondisyon yo reyini pou ayiti pa janm jwenn chans rale yon souf ak pwoblèm ensekirite kap ravaje peyi a,. Pandan otorite yo ap goumen pou pouvwa gang ak sapat yo kontinye achte zam ak bal gwo kalib pou teworize popilasyon an. Chèf gang 400 mawozo nan yon videyo montre ki kantite kès chèn bal barèt li gen lakay li,daprè sal fè konnen pou li zafè bal raaa pagen bagay konsa pyès. Nap mande ak tout wo etamajò nan PNH la pran tout mezi pou rive sezi bal sa yo,paske pita pral pi tris,Leslie Voltaire ki kote bal sa yo pase yo antre ayiti? KN= Kamoken News
KAMOKEN NEWS36,188 Aufrufe • vor 1 Jahr

Profesè,istoryen Michel Soukar deklare nan mikro Se sa Nou vle,Jean Bertrand Aristide ansyen prezidan ayiti pandan 2 fwa te voye asasinel nan lane 2003 lè sa Bawon lavalas la te nan tèt peyi a. Profesè Michel Soukar ap eksplike kijan Prezidan Titid te voye asasinel e kijanl fè pa mouri Rapèl: Michel Soukar se te bon zanmi Aristid ki te vin gen dezakò politik nan moman lavalas tap tayebanda sou twòn peyi dayiti an lane 2000 yo. KN=Kamoken News
KAMOKEN NEWS37,407 Aufrufe • vor 1 Jahr

Dimitri Herard ki gen nonl site byen fò nan lanmò ansyen prezidan Jovenel Moïse,deside pale e bay eksplikasyon sou konvokasyonl nan enspeksyon jeneral sou dosye bato dwòg ki te antre nan peyi a so ki ta pral debake sou youn nan waf gwo boujwa,nap sonje bato sa te pote sik men anndanl yo te jwenn yon kantite dwòg,ta sanble yo te akize Dimitri kòm si se pou li machandiz sa. Dimitri te tou profite pale depi kote akizasyon konpayi zam yo dil te genyen ayiti a sòti Ann koutel
KAMOKEN NEWS34,716 Aufrufe • vor 1 Jahr

Jimmy cherisier alyas Babekyou bay entèvyou avèk Charles Villa pour medya Brut,Chèf gang viv ansanm nan sèmante sou vil li pat janm patisipe nan masak la saline nan,li mande ak nenpòt òganis endepan pou vin mennen yon ankèt sou sak te pase la saline nan. Jimmy Cherisier ki gen manda rale mennen vini dèyèl pou move zak lap komèt nan kanton te vrèman alèz pou lap moutre kalib zam lap itilize,mouche a deklare li pagen pwoblèm poul al jije pou tout sa yo repwochel men se lè gen yon jistis san fòs kote,yon jistis ki fyab. Pou plis detay nap envitew gade ak tande KN=Kamoken News
KAMOKEN NEWS46,589 Aufrufe • vor 2 Jahren

Anba je lapolis,la jistis,nan 2 nawè Leslie Voltaire,Didier Fils aime,,Noemil Rameau ak Mario Andresol. 3 pami pigwo chèf gang peyi a konnen rive mete tèt ansanm yo fè kanaval nan plenn kanaran. Nan video sa nou ka wè prezans Babekyou,Lanmò 100 jou ki trè rechèchè pa lapolis e menm gen mandan entènasyonal yo. Jeff gwo lwa chef gang kanaran tap kòdone tout aktivite kanavalès saa Viv ansanm fè kanaval defile cha,defile mòd,jenn fanm kap taye banda,nèg ak inifòm pnh la ap bay sekirite. Pandan leta paka fè kanaval bandi gen pouvwa pou sòti cha mizik yo Pou plis detay ann asiste
KAMOKEN NEWS31,697 Aufrufe • vor 1 Jahr

Yon konvèsasyon 3 pèsonalite nan repiblik la pran lari. Pandan tout jounen an konvèsasyon an pa sispann tounen anbouk sou tout platfòm an lin yo. Babekyou deklare pigwo enmi li se ti nèg nwa lap fin manje yo aprè lap pran siwo libanè yo. Yon sèten Georgers Samy reponn Babekyou pou dil yap manje tout zizyel lè yo pranl,paske ki se yon palestinyen li pa jwe ak moun. Yon lòt kote Saradjyne M.craan reponn poul di se pou Samy vin met pyel atè ayiti lè sa lap ka pale ak Babekyou. Daprè Samy Jimmy Cherisier alyas babekyou pa rete 30 jou poul mouri. Ann koute jan sa tap dewoule KN=kamoken News
KAMOKEN NEWS44,112 Aufrufe • vor 2 Jahren

Nan yon lèt tou louvri Ansyen premye Minis Garry Conille voye bay papal,se pa de koze mouche a pa di,se pa ti revelasyon li pa fè. Premye minis lan di li te antoure avèk opòtinis,apatrid,twou nan manch,zèfèyis ak move lawon,men osi yon dividal gangstè.,li kontinye poul di li manke mouri pandan plizyè fwa,yon polisye ki tap bal sekirite te ankontak dirèk avèk gang. Toujou pm nan kap pale,malgre efò pnh la men elas majorite,majorite nan yo nan pran lang avèk gang. Ansyen pm Garry Conille fè papal konnen tout manm konsèy prezidansyèl la se yon dal kowonpi,kap chache fè lajan sal. Yo tout vle rich nan lajan leta,moun ki trè enpòtan nan peyi a enplike nan vann zam ak pòs ministeryèl. Raple nou se Garry Conille kap pale => Yo vle kontwole tout strikti ki jenere lajan,,dwan,Ona,oavct,apnh yo menm vann DG papa. Gen pami yo ki kontante nan mande paspò diplomatik pou fanmi ak ti boubout yo. Li ale pilwe poul di gen youn nan manm konsèy yo ki mande 5 pòs diplomatik pou ti anmorèz li. Fadè (papa( eksperyans mwen an te vrèman dii sitou lè gen konsèye prezidansyèl kap resevwa lòd nan men prezidan dominiken an. Pou plis detay ann koute GPPC ki tap li lèt tou griyen Garry Conille te voye bay papal. KN=Kamoken News
KAMOKEN NEWS33,564 Aufrufe • vor 1 Jahr
0:39
Sensitive content
This media may contain sensitive content.

Imaj la chokan men sa nap gade la se reyalite anpil jenn fanm ayiti ki deside antre nan gang,ou byen bati yon relasyon ak yon chèf gang. Jenn demwazèl sa mare nan yon pye bwa epi yon lòt sòlda ap wonflel ak kout baton bizbòl,pandan gwo chèf la ap asiste jan ap dewoule
KAMOKEN NEWS14,686 Aufrufe • vor 6 Monaten

Chèf gang toupwisan lanmò 100 jou ki tap patisipe nan yon emisyon ak plizyè jounalis,Chèf gang 400 mawozo a mande pou tout moun ki te kouri kite kay yo kwadèboukè pou retounen lakay yo san pwoblèm. Lanmò 100 jou pwomèt moun yo anyen pap rive yo pagen moun kap tire sou yo ankò,li mande pou dyaspora yo fèl yon ti kal kredi yo mèt tounen vin rekipere kay yo,chèf gang nan deklare apati de lendi 8 avril la tout machin ka pase alez sou wout nasyonal nimewo 8 la men yap peye montan ki fikse a jan sa sipoze fèt la. Ann koute ansanm jan sa tap dewoule KN=Kamoken News
KAMOKEN NEWS36,550 Aufrufe • vor 2 Jahren

Scoop: Yon jenn fanm ki deklare li se feminis li vrèman rayi gason,li ale pilwen poul di li panse mond lan tap pi bon sil pat gen gason. Li di tou li manke anyen poul vin yon feminis mizandri. Yon feminis radikal,radikal. Nan yon mond nap preche inyon ak inite sitou ayiti Pou yon fanm kanpe li dil rayi gason,li vrèman gen pwoblèm ak gason,li menm fè konnen li damou fanm parèy li. Definition misandre: Qui éprouve du mépris, voire de la haine, pour le sexe masculin KN=Kamoken News
KAMOKEN NEWS28,249 Aufrufe • vor 1 Jahr

Madi 9 jiyè 2024 nan moman vizit pm Garry Conille nan pigwo sant ospitalyè peyi a lopital jeneral. Te gen anpil polisye nan divès inite ki te sou plas pou asire sekirite ofisyèl yo ki tap debake nan espas la,pandan moman sa tou jounalis yo te tou pwofite fèn viv nan ki eta deplorab lopital jeneral ye. Pou plis detay ann swiv ansanm jan sa tap dewoule Kredi: Tande koze KN=Kamoken News
KAMOKEN NEWS30,336 Aufrufe • vor 1 Jahr