KAMOKEN NEWS's banner
KAMOKEN NEWS's profile picture

KAMOKEN NEWS

@KAMOKENNEWS3,418 subscribers

Page officiel Journal Kamoken news. ki prezante jounal sou Tweeter chak jou. Nou bay scoop pandan tout jounen. lwazi. E-mail:: [email protected]

Shorts

Chòk sou rezo sosyal yo apre difizyon yon videyo ki mete an sèn atis fanm Vanessa Desiré ak Joverlain Moïse, pitit ansyen prezidan Jovenel Moïse. Nan imaj yo, de pèsonaj yo parèt nan yon anbyans entim, kote yo ap echanje jès afektif, tankou ti bo ak moman tandrès, sa ki pa manke pwovoke anpil reyaksyon sou platfòm dijital yo.

34,946 просмотров

Jounalis emisyon se sa nou vle ,ki pase sou YouTube ak Facebook.,Rudy Thomas Sanon deklare Guerrier Henry se yon chèf gang,Direktè opinyon an fè konnen li pral ekri òganizasyon kap defann dwa moun yo,pou yo kontakte anbasad kanada pou fè konnen gen yon teworis viv ansanm ki ale kache kanada. KN= Kamoken News

10,570 просмотров

Videos

KAMOKENNEWS's profile picture

‘’Vyolans konjigal : nouvo revelasyon sou dosye Pedro Foce souke HMI a’’ Endistri mizikal ayisyen an (HMI) ap travèse youn nan pi gwo polemik li depi kòmansman ane a, apre plizyè enfòmasyon te sikile ki fè konnen Pedro Foce, lidè gwoup Djapot, ta agrese madanm li ak kout pwen kalòt — zak lalwa kondane — e li ta menm rive anba kestyonman lapolis. Nan premye moman yo, atis la te reyaji rapidman atravè yon videyo kote li parèt nan yon anviwònman detant, pou demanti akizasyon yo. Li te kalifye nouvèl la kòm yon envansyon “zanmi laprès”, pandan li te eseye minimize gravite sa k t ap sikile sou rezo yo. Repons sa a te divize opinyon piblik la: yon pati te pran defans chantè a, tandiske lòt yo te mande plis limyè sou dosye a. An menm tan, jounalis OB ak prezantatris Eudgie — pami premye moun ki te fè piblik la konnen enfòmasyon an — te vin sib gwo kritik ak atak vèbal sou platfòm dijital yo, espesyalman bò kote fanatik atis la. Men dosye a pran yon viraj desizif lendi 16 fevriye a, lè madanm atis la, Kim Chloe Valeus, soti piblikman ak yon mesaj ak videyo sou kont Facebook li. Nan temwayaj sa a, li akize dirèkteman Pedro Foce pou zak vyolans fizik ak move tretman li di li sibi pandan relasyon yo. Piblikasyon sa a relanse kestyon kredibilite premye denegasyon atis la epi ogmante presyon opinyon piblik la pou gen plis klarifikasyon. Afè a depase kad mizikal la pou antre nan yon kestyon sosyete: vyolans konjigal nan mitan figi piblik yo, wòl medya yo, ak limit solidarite fanatik yo. Jiskaprezan, opinyon piblik la rete pataje pandan anpil moun ap tann reyaksyon ofisyèl otorite yo sou kestyon an.

KAMOKEN NEWS

13,559 просмотров • 3 месяцев назад