
Martine Moïse
@martinejmoise • 128,724 subscribers
Première Dame de la République d'Haïti. #JM58
Shorts
Videos

Bay kou bliye pote mak sonje. Jodia fè 54 mwa depi solda mèsenè asasen kolonbi touye Prezidan #JovenelMoise e tirem nan rezidans nou. Rezo kriminèl oligak, fè 4 lane 5 mwa ap pèsekite nou pou yo te rive nan 7 Jiyè 2021. Yo fè kanpay sou kanpay pwopagand pou sal karaktè nou. Nan je yo se yon peche, lè Prezidan Jovenel koupe koripsyon nan leta yo te kaptire a, epi envesti milyon sa yo nan kouran, agrikilti, wout, edikasyon elatrye. Yo pat dakò pou ti rès la al jwen pèp la. Lè pwopagand manti ak manèv nan tribinal e nan palman pa mache pou détwui nou, yo pran wout vyolans. Yo alimante gang pandan yap mete kòb nan laria pou manifestasyon. Lè sa pa mache, yo fè pouvwa jidisyè pran yon rezolisyon pou fè koudeta. Premye tantativ koudeta jij kou kasasyon yo echwé. Dezyèm tantativ koudeta, pou touye Prezidan Jovenel Moïse toujou ak on seri de jij nan Tibwa, echwé. Lapolis mete yo anbakòd. Lajistis ki nan koudeta a, lagé yo byen rapid. Jodi a 7 Janvye 2026, fè 54 mwa, kriminèl yo touye Prezidan Jovenel Moïse e tirem. Lajistis aletranje kondane asosye politik kriminèl yo pou yo pase rès lavi yo nan prizon. Poutan an Ayiti menm rezo kriminèl sa ki te fè pwopagand pou detwui prezidan avèm, ki fè plizyè tantativ koudeta, ki touye prezidan an e tirem, kontinye ap sèvi ak jistis la kòm dra pou kache peche yo. Yo ka pèmèt pou yo fè sa, paske apre koudeta 7 Jiyè 2021 an yo pran kontwòl pouvwa ekzekitif ak jidisyè. Rezo kriminèl sa a kap touye, rache frè ak sè nou, simen la perèz ak latwoublay, gen poul rive nan bout li. Yo touye Prezidan an e tirem, zak sa yo pap rete san konsekans. Wè pa wè, ane 2026 la ap yon ane de #JISTIS Wè pa wè rezo kriminèl la gen pou disparèt pou sekirite ak lajistis retabli an Ayiti.
Martine Moïse13,064 次观看 • 6 个月前

51 mwa apre ke oligak ak politisyen teworis touye Prezidan #JovenelMoise e tire m, yo pran kontwòl pouvwa leta a travè yon koudeta. Pandan 51 mwa ke nap chèche #Jistis, teworis yo menm, ap masakre pèp la vil pa vil, katye pa katye. 51 mwa krim sou krim. 51 mwa soufrans ak dezolasyon. Plizyè tantativ teworis yo fè pou antere lajistis jwen gwo rezistans. Lòt bò dlo jistis la ap mache san fè bri. Gentan gen 2 teworis toujou anbakòd. Pa bò isit divèsyon pa sispann fèt. Men je pèp la kale. Ansyen mannèv teworis yo pa mache ankò. Pèp la bouke ak sistèm sa kap kraze l epi touye prezidan l. Sanzatann pèp la gen poul levekanpe yon maten epi krazel. Menmjan ak pèp la, fanmi prezidan an ap soufriiii..... Ak pasyans nap wè trip foumi. Jistis divin.... Jistis lèzòm.... #JistisPouJovenelMoise
Martine Moïse15,981 次观看 • 9 个月前

La situation actuelle du pays est grave. Malgré tout, les zones oú le Président #JovenelMoise avait investi dans la production agricole prospèrent. Nous saluons la volonté manifeste de ces hommes et femmes qui continuent à produire en dépit de moyens derisoires. Nous voulons vivement que ces actions se répliquent à travers le pays afin de répondre aux besoins alimentaires de tous et diminuer notre dépendance. Comme disait le Président #JovenelMoise avec le soleil, les gens, la terre et l'eau #Haiti peut faire des miracles. Des années après, le barrage Marion représente un exemple concret de cette vision. Notre pays est riche en potentiels que les oligarques sabotent. Nous pouvons ensemble surmonter cet obstacle majeur à notre développement économique et notre stabilité politique. Haïti, Bonne fête de l' #Agriculture et du Travail!
Martine Moïse12,261 次观看 • 1 年前
没有更多内容可加载