Gade nan kisa Ariana lage chouchou m lan. 🤭😂

IV
31,691 次观看 • 2 个月前
Anpil moun twouve Komedyen Matyas pa koyeran nan lit... li te konn mennen kont anbasad ameriken lontan, ta sanble li lage nan pwogram Biden lan... Kisa nou panse?show more

TOUJOULA
134,364 次观看 • 3 年前
Menm CAMERAMAN nan pran nan fent lan 🫨😂 BREZIL... pwal gen bgy nan men l🥲show more

…
23,497 次观看 • 3 个月前
Animatè nan HMI pa vle wè jan de video... sa yo 😂 Nèg yo di : MR PASS pa lage FANM nan on may, menm NUMERO Scandyyy yo paka mande l…📲😂show more

…
24,523 次观看 • 2 个月前
Lè pitit fi m nan ak manman l pral... met tèt ansanm pou manje lajan m. 😂show more

NALDO FILMMAKER
14,258 次观看 • 4 个月前
Si n ap chèche MOUN nou pa ka pa... pran Tjo. Tout moun gen defo, m ret kwè li gen pa l, e yo pa gade m 😀😀. M pa regrèt m renmen l, menm nan I love you Anne m pa t anfas li. Pa tann li ale. ❤️❤️❤️🙌🏾show more

FIFANARIMÈ
16,544 次观看 • 9 个月前
Eske sa zorèy mw banm lan se sal ye... vre?😂😂 Ou fè m chante plis lanmou ke Lara Fabian 😎show more

𝗠𝗥 𝗦𝗨𝗖𝗖𝗘𝗦𝗦🏆
28,352 次观看 • 2 年前
Nan ne gördünüz ya🤭😂

𝔜𝔞𝔳𝔲𝔷 𝔈𝔰𝔢𝔯 🇹🇷🏁
12,323 次观看 • 8 个月前
Mwen vini renmen jan twitter (X) ye nan moman... an , moun isi pa deside enfliyanse de ti gwoup sa ankò. M renmen nou . Map gade jan moun isi a reponn anba twit Dimitri Kounyea . M wè gen ti espwa . Nou pap janm bouke mande jistis pou Prezidan Président Jovenel Moïse , Paske moun sa yo gen lè te konnen li pwal mouri .show more

Worlf Saint-Hilaire
21,023 次观看 • 1 年前
Nan ne güzel oyuncak hee😂 İfadeye bak🤭

𝔜𝔞𝔳𝔲𝔷 𝔈𝔰𝔢𝔯 🇹🇷🏁
195,255 次观看 • 9 个月前
Gadon kaka🫨🙆🏽♂️ Yon mwen ki pa janm nan problèm... ak moun isit la, se ti pòs mwen m fè poum rilaks mwen… Me ATIS la blokem tou sanm pa fèl anyen. Jis paske m QUOTE 2 grenn pòs BÈL FLANNÈ CHINWA fè ap trip sou 286. Mwen ak BÈL FLANNÈ CHINWA toujou ap trip, men sepa paskem HATE atis la Oohhh🫨😂! Haaa BAKY monchè, ou pran gaz trò fasil brooo, nan nivo sa ou sansib vye frè🤦🏽♂️! Antouka blokem ou pa, wap toujou wè pòs mwen yo😊 Se avantaj sa "Elon MUSK" ba nou isit la😂😂😂🤌🏾show more

…
11,568 次观看 • 5 个月前
Rivyè masak pran nesans Dominican Republic 🇩🇴, men Dominican... yo fè anpil priz sou li yo pran 11, sa ki koz dlo a ta dwe fèb men . Dlo sa wap gade la se rivyè jan denant se youn nan 4 rivyè ki soti Ayiti 🇭🇹 ki ale tonbe nan masak. Sa vle di tout dlo Dominican ap ponpe anba a se dlo ki soti Ayiti 🇭🇹 , paske yo pran 11 priz nan sak soti lakay yo a dlo a tap fèb san 4 rivyè ki soti Ayiti 🇭🇹 yo . Se pou m montre n Jan Dominican mechan , rivyè a pase sou frontyè 2 peyi rivyè ki soti Dominican Republic 🇩🇴 ak rivyè ki soti Ayiti 🇭🇹 kwaze yo fòme rivyè masak la pou desann ale nan lanmè a . Men Dominican chwazi bare dlo a pou yo pa kite l rive nan kanal la , Ebyen nou pral koupe tout rivyè nou yo ki alimante rivyè masak la . Nan 5 a 6 mois ankò pomp Dominican yo mete anba a se tè lap rale ak fatra . DOMINICAN PA RENMEN AYISYEN PA JANM BLIYE SA Video kredi Tizo le spesimèn 3/29/2024show more

Avadra Gran Chimen
42,036 次观看 • 2 年前
#Immigration : Kiyès ki pral entèprete pou mwen lè... m gen yon randevou azil avèk USCIS oubyen tribinal imigrasyon? Pa enkyete w pou sa, ou ka vini ak yon moun ki pale Kreyòl/Anglè byen pou tradwi pou ou. Lap sèlman ranpli fòm G-1256 nan moman entèvyou an. Ou gen chwa toujou pou bay yon pwofesyonèl ki sètifye nan 2 lang yo pou fè sa pou ou. Epi gen sèvis sa yon online tou pou mande pou jwenn yon entèpretè pou ede ou jou entèvyou an. An pasan , si w google Carole Wilson wap jwenn sèvis li bay yo online nan sans sa. Pou fini anpil tribinal ofri sèvis entèpretasyon gratis ti cheri, enfòmasyon sa yo online kidonk pa panse pwoblèm lang kòm yon baryè jou entèvyou an paske ou gen plizyè chwa, jwenn youn gratis, peye youn pou sèvis li oubyen mande tribinal la youn. Avan m ale, gen yon lis 73 kesyon Me Brian lage sou jan de kesyon yo konn poze nan yon entèvyou azil, mwen ka rale yo pou moun ki entèrese, si w poko mete imèl ou pou resevwa bon bèt tankou sa, klike la epi rete tann 👉👉👉👉 #USA #Immigrationshow more

Dorvilus F. Baeur
12,150 次观看 • 1 年前
#Immigration: Administrasyon Trump lan kèk minit aprè l prete... sèman, kanpe tout moun ki tap mande azil depi sou fwontyè, sa fè youn. Bridsoukou, li pase siyati l epi kanpe pwogram Biden lan pou moun pa kontinye fil fòm I-134A ki pèmèt plis pase 530,000 sitwayen ki te sibi pèsekisyon vin rale yon souf pa bò isi, sa fè 2. Sekretè Deta (DHS) aprè 24è li fin prete sèman revoke yon TPS ekstansyon pou 600,000 Venezyelyen ki aktyèlman la lage nan kouri, ann mete sa pou 3. Bon! semèn sa jan nou tande l la administrasyon an ap travay pou revoke Humanitarian Parole pou tout moun ke li espire ou pa, ann di sa fè 4. Koulye a, mete bon sans ou deyò, banm yon bon rezon ki fè ou panse li pap pral atake TPS tou? Ou menm kap tann kat ou anba TPS ou panse moun yo care pou ou ki pral pèdi travay pou yo fè presyon pou voye kat ou ba ou? Ebyen rele yo pou wè, yap toujou di w ou nan time frame kidonk se tann pou tann alòske travay ou konte jou pou revoke nou. Guys, banm repete aprè sa kèk avoka di:“ Tout sa nou kalifye pou li,fè li! Nou ka gen plizyè estati youn pap deranje lòt” moun kap peye kay fè atansyon depi travay ou kanpe w konnen byen ou pap jwenn kòb pou kontinye peye l sa tou ka lage ou nan eviksyon kidonk toujou bat pou gen yon estati valid ak yon kat travay ki pa espire. Nou ka wè sa, jwèt la kòmanse mare!show more

Dorvilus F. Baeur
15,067 次观看 • 1 年前
#Immigration: Kòmanse gen plenyen pou moun ki renouvle oubyen... fil kat travay yo epi ki poko jwenn repons. Pa bliye li kapab vin pi mal nan jou ki prale vini la yo mete sou 11 mil Libanè ki jwenn TPS fen mwa novanm ki sòt pase a ki ogmante travay yo. ✔️Sizoka, travay ou ta voye yon lèt ba ou pou mande w degaje w voye kat travay ou ba li oubyen ektansyon an, ak menm lèt sa adrese USCIS pou mande yo “speed up” demann ou an. ✔️Si sa pa mache epi tan pou te jwenn kat la depase “time frame” lan, pase nan “e-request” pou di yo ou pa resevwa kat lan kwake ou te fil li bònè. ✔️Si sa pa mache jwenn ak avoka ou oubyen biwo ki konn travay pou ou deja pou chèche lòt mwayen pou mande yo vanse ak dosye ou an. Si youn nan yo pa mache men sa ki ka rive w epi rezon ki fè m te toujou di nou fil papye nou yo bonè: Ou gen lisans ou an sou dat ki sou kat travay ou an kidonk lè li espire lisans ou tou espire oubyen nan wout pou espire. Si w pran anpil tan avan w bay dokiman travay lan mande a , yo pap fasil kenbe pozisyon an pou ou. Ak, yon kat espire pa gen travay kap anplwaye w legalman. Pou renouvle kay ou, gen kote ki pap kite w renouvle w ak dokiman ou espire. Pou evite sa yo ak pakèt lòt ankò, pye kout pran devan! #tips #workshow more

Dorvilus F. Baeur
18,388 次观看 • 1 年前
An jeneral sou ki baz DHS renouvle TPS pou... kèlkeswa peyi an daprè seksyon 244 Immigration and Nationality Act (INA)? Daprè lwa chak TPS yon peyi benefisyè pral fini DHS gen pou devwa analize sikonstans peyi an epi 60 jou avan pou fè sòti nan jounal ofisyèl Federal Register si yap renouvle TPS lan pou 6, 12 oubyen 18 mwa oubyen non. Men pou n onèt ak nou, ni Parole ni TPS pat janm la pou tout tan se rezon sa yo ki fè youn la pou 2 lane lòt la la pou 6,12 oubyen 18 mwa, kòm sitiyasyon lakay pa janm gen yon amelyorasyon paske nap fonksyone kriz sou kriz, dega sou dega men sa pa ka chanje lwa peyi kote nou ye an. Men pou m di nou tou, si administrasyon an ap kontinye swiv sa lwa mwen sòt esplike anlè a, nan chak review nou ta sipoze pase paske depi 2010 pa janm gen yon chanjman ki fèt, prezidan ki te pwomèt 400.000 kay la okontrè kite 1.5 milyon Ayisyen nan lari. Koulye a bagay yo vin pi rèd nèt: prezidan mouri pandan lap taye zèb devan kay madanm li. Gang reyini yo epi fòme òganizasyon yo menm mande entegrasyon yo nan lavi politik peyi sa ki lakòz lè nèg sa yo fimen bòz, fimen pwèl yo, sa yo lakòz 1 milyon Ayisyen deplase epi ale anba tant ankò. Tout sa mwen esplike la yo ta dwe nan review DHS lan epi di : You know what Haiti TPS should be renewed! Tout sa yo sa depann ak ki zye li fè analiz sa yo. Note sa yon kote, si se ak yon zye politik, li kapab jwe kwen tann plis pase 60 jou pou ba nou yon ti TPS bout pa bout tankou ba nou 6 mwa oubyen 18 mwa se sa ki lakòz moun ki te kalifye pou lòt estati ki te pwofite konsèy mwen yo koulye a gen lòt bagay nan men yo, yo ka pa menm itilize estati sa nan dokiman yo ankò. Pou m konkli, daprè tout lojik nou toujou kalifye anba definisyon lwa sou imigrasyon an paske pa gen chanjman pozitif nan nivo sekiritè depi 2010 jouska jodi paske pa gen okenn siy tou ki prevwa yon chanjman kwake nou chaje polisye ak solda ki sòti lòt peyi pou vin ede. Tankou yon pikòp Toyota 3 pedal ki anbreye sou bak sou tèt mò Kanapevè, nou gen lontan nou pa fè avan. Bon week-end ! Genbe fèm!show more

Dorvilus F. Baeur
11,915 次观看 • 1 年前
#𝐁𝐫𝐞𝐚𝐤𝐢𝐧𝐠𝐍𝐞𝐰𝐬🔴: Tweet sa enpòtan pran san nou pou nou... li li epi konprann li avan nou pran vye desizyon. (Sòti anlè rive anba). Se toujou konsa depi yon desizyon fèk pran nou pa rapid konnen ki fason pou nou abòde li, pi bon fason an se obsèvasyon ak pasyans. Yon ekzanp pou nou kouvri sa, mwen rete kwè menm jetblue poko konnen si yo dwe anbake moun ki sou Pwogram lan epi kòman aprè deklarasyon sa ki fè anpil pale maten an. ✔️ Premye konsèy mwen, depi ou pa resevwa okenn nòt ki di otorizasyon ou an “cancel” li toujou valad men pi bon mannyè se rete tann dènye konsiy yo, paske otorite yo ka poko “briefing “ anplwaye Cbp “overseas” yo kòman pou yo jere dosye sa apati jodi a. Nou sonje kòman anpil timoun te pèdi vòl aprè yon nòt konpayi avyon yo te kouri vole monte sou li,bri kòmkwa se sèl papa oubyen manman timoun lan ki dwe vwayaje ak li jis paske te gen yon to pwoblèm yo te rankontre pa bò isi. ✔️- Dezyèm chòz, pou tout benefisyè ki konfime , nou pa gen enterè kouri ale fè CbpOne nonplis jouska nouvèl òd, li senp si gen yon pwoblèm nan livrezon otorizasyon vwayaj, ann tann yon kòminikasyon ki di sa nou dwe fè. Nou tout konnen konfimasyon an kapab rete tann, rete tann pa kouri ale fè CbpOne pliske otorite yo ta sanble di yap rezoud pwoblèm ki pase a rapid vit. ✔️ Twazyèm epi dènye konsèy mwen ak sijesyon, pa fè tèt cho, USCIS gen kapasite pou elimine tout travèl otorizasyon, tout case ki parèt pa kòdyòm, yon fason pou fè pwosès lan vin pi rapid ak jis pou tout moun, paske menm pou nou li pa klè lè nou konnen gen yon sèl nimewo telefòn yon sipòtè ki repete nan plis pase 1000 fòm. Desizyon sa olye panike nou kapab plis ede nou, sa ki ap tann depi lontan yo ka tou jwenn chans pou dosye yo pase tou paske vagabon menm itilize non moun ki mouri deja pou fil pou moun. Pou m konkli, gen tout rezon pou USCIS pase men nan sistèm lan, sa kapab pote plis solisyon pou nou, epi lè yap pral pase vitès mete nou prè pou nou anbake! Pa bliye nou dwe kontinye mete fòm paske pou lè vitès lan ap pase pou moun nou tou andan. Pase bon wikenn!show more

Dorvilus F. Baeur
34,948 次观看 • 2 年前
#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: Tweet sa se yon rafrechi memwa, moun ki... entèlijan anpil pral bookmark li, sa ki konnen enpòtans li pral pataje l ak yon lòt. Se yon rapèl sou kèk gwo pwen ki enpòtan pou nou sonje: ✔️ Peryòd renouvle #TPS lan fini, moun ki pral fè l pou premye fwa toujou kapab fè li,men sonje pi bonè se granm maten. Ou pa janm konnen si administrasyon pap chanje menm lè wap toujou kapab fè l men li ka pran plis tan. Peryòd renouvle a fini se vre men toujou gen posiblite rekou, adrese Web509 si w bezwen èd. ✔️ Yon kat travay sou TPS dire 18 mwa, yon kat travay sou Azil ba ou 5 an, pa bliye règ jwèt lan ke w te sou viza oubyen Biden...ou dwe aplike pou Azil avan 1 an pran w isi se sa lwa sou koze sa di si ou vle pwofite de li. Note sa, pami TPS, Biden, sèl azil ki bay yon wout pou jwenn rezidans pa bò isi. ✔️ Gade dat espirasyon ki sou kat travay ou an, si li manke 3 mwa pou li espire ou te dwe renouvle l avan w wè tweet sa, tanpri pa kite malè kat travay espire rive w pa bò isi paske menm pèmi pou kondwi se menm dat lan ki sou li. HR nan travay ou an pap pran pawòl wap ba li yo paske se USCIS E-Verify ki kontwole si kat ou valid oubyen non. ✔️Tout bèl Tesla ou wè yo, tout gwo kay yo, tout gwo biznis yo, anfen tout siksè ou wè yo se yon siskè aparan, mwen di nou sa paske ou pa kapab bouje isi san KREDI. Se kredi ki pou fè w woule yon vye bogota oubyen lwe yon estidyo pou rete. Gen konferans aswè a pou moun ki vle aprann bati kredi yo si sa enterese mwen ka mande kèk plas pou nou, li kreyòl tou. ✔️Pa pran chans pran lanmè pou vini isi, fè yon pwòch fil HHP pou ou si w vle vini isi legalman. Wout fwontyè se wout tèt chaje, pa gen okenn garanti wap reyisi nonplis. Jan m di l anlè a, fè fil #Biden pou ou, veye lè #PIP an ap mache fè fanmi w fil pou ou. Sèlman moun ki konprann mesaj sa ki pral pataje li, mwen swete ou se youn ladan yo. Bon Jedi tout moun! #Immigrationshow more

Dorvilus F. Baeur
14,438 次观看 • 2 年前