Loading video...

Video Failed to Load

Go Home

IZOLAN pa kontan ak Pèp la‼️

23,207 views • 10 months ago •via X (Twitter)

0 Comments

No comments available

Comments from the original post will appear here

Related Videos

KONFERANS POU LAPRÈS Pati politik EDE ap salye tout manm laprès ki prezan nan konferans maten an. Pati politik EDE ap di n mèsi pou kouraj nou ak sakrifis n ap fè chak jou pou enfòme popilasyon an. Samdi premye mas ki sot pase la a, pati politik EDE te sonnen byen fò lanbi mobilizasyon an. Plizyè milye konpatriyòt, manm ak senpatizan pati EDE te reponn prezan pou vinn manifeste kont ensekirite, lamizè, grangou ak echek pouvwa tranzisyon an. Se te premye gwo mobilizasyon reyisi kont KPT kowonpi a ak gouvènman mafouben Alix Didier Fils-Aimé ap dirije a. Tès premye mobilizasyon EDE te fè sou Delma a nan dat premye mas la moutre tout moun leve kanppe kont ensekirite ak echèk pouvwa tranzisyon an te posib. Gen anpil moun ki pat kwè l te posib jiskaske yo wè ak 2 nawè yo plizyè milye moun sou wout Delma a sou inisyativ pati EDE k ap egzije demisyon san kondisyon KPT konwonpi a ak gouvènman mafouben Alix Didier Fils-Aimé ap dirije a. Depi lè sa, vann mobilizasyon popilè a louvri. Depi lè sa van mobilizasyon popilè a pa sispann soufle. Depi lè sa, se plizyè santèn milye moun ki pran lari pou mande pouvwa kriminèl la bay talon l. Pati politi EDE koube l byen ba devan kouraj, detèminasyon ak rezilyans pèp vanyan kanapevè a ki chwazi fè rezistans fas ak bandi tout plim tout plimay. Kriminèl k ap touye pèp la chak jou ak sila yo k ap planifye lanmò nou chak jou nan Vila Dakèy se memn kriminèl yo. Batay pèp la se kont tout bandi. Se kont bandi nan KPT kowonpi a ak gouvènman an ki mare sosis yo ak lòt bandi san fwa ni lwa pou detwi lespwa. Se bandi nan KPT a ak gouvènman an ki livre teritwa yo youn apre lòt. Se bandi nan KPT a ak gouvènman an ki fèk livre Mibalè ak Sodo. Nan pati politik EDE, nou deside REZISTE pou n ka EGZISTE. EDE mande pèp la kontinye REZISTE pou n ka EGZISTE. Nou p ap pran nan kraponay KPT kriminèl la, ki vle fè pèp k ap REZISTE pou ka EGZISTE a pase pou bandi. Nou p ap pran nan entimidasyon KPT kowonpi a k ap kreye yon diskou kòmkwa Brigad Kanapevè a, pèp kanapevè a se bandi. Nou p ap fè bak. Pèp la pale, KPT a prale ! Paske Batay pèp la pa genyen an, se batay li pa janm mennen an ! Sityasyon an irevèsib. Pa gen 2 jan, pa gen 3 jan, Pèp la pale, KPT a prale ! KPT kriminèl la di li pa ka bay sekirite. KPT kowonpi a di li pa ka fè referandòm. KPT ensousyan avwe li pa ka fè eleksyon. Ki donk, pèp la mande yo : kisa yo rete ap fè la ankò. Pasyans pèp la rive nan limit li. Nou mande KPT a pran yon desizyon sajès pou pita pa pi tris. EDE ap kontinye mobilize demokratikman pou fòse manfouben nan vila dakèy ak nan primati bay talon yo. Nou tout konnen koze bidjè degè KPT kowonpi a ap pale a se yon divèsyon. Se yon fason pou KPT kriminèl la jwenn mwayen pou detounen lajan pou ka fè zanmi yo ak alye yo vinn pi rich sou do pèp la k ap mouri nan grangou a. KPT kowonpi sa a pa ka deklare lagè ak bandi paske yo menm ak kriminèl yo se degouden ak senkant santim, se pase pran m, ma pase cheche w. Bidjè degè a se yon divèsyon pou ka fè lajan. Mobilizasyon manch long pou kapote KPT kowonpi a. Pèp la pale, KPT a prale ! EDE se nou, nou se EDE

Les Engagés pour le Développement EDE

65,927 views • 1 year ago