Загрузка видео...

Не удалось загрузить видео

На главную

@ majangase1010

25,440 просмотров • 2 месяцев назад •via X (Twitter)

Комментарии: 0

Нет доступных комментариев

Здесь появятся комментарии из оригинального поста

Похожие видео

An jeneral sou ki baz DHS renouvle TPS pou kèlkeswa peyi an daprè seksyon 244 Immigration and Nationality Act (INA)? Daprè lwa chak TPS yon peyi benefisyè pral fini DHS gen pou devwa analize sikonstans peyi an epi 60 jou avan pou fè sòti nan jounal ofisyèl Federal Register si yap renouvle TPS lan pou 6, 12 oubyen 18 mwa oubyen non. Men pou n onèt ak nou, ni Parole ni TPS pat janm la pou tout tan se rezon sa yo ki fè youn la pou 2 lane lòt la la pou 6,12 oubyen 18 mwa, kòm sitiyasyon lakay pa janm gen yon amelyorasyon paske nap fonksyone kriz sou kriz, dega sou dega men sa pa ka chanje lwa peyi kote nou ye an. Men pou m di nou tou, si administrasyon an ap kontinye swiv sa lwa mwen sòt esplike anlè a, nan chak review nou ta sipoze pase paske depi 2010 pa janm gen yon chanjman ki fèt, prezidan ki te pwomèt 400.000 kay la okontrè kite 1.5 milyon Ayisyen nan lari. Koulye a bagay yo vin pi rèd nèt: prezidan mouri pandan lap taye zèb devan kay madanm li. Gang reyini yo epi fòme òganizasyon yo menm mande entegrasyon yo nan lavi politik peyi sa ki lakòz lè nèg sa yo fimen bòz, fimen pwèl yo, sa yo lakòz 1 milyon Ayisyen deplase epi ale anba tant ankò. Tout sa mwen esplike la yo ta dwe nan review DHS lan epi di : You know what Haiti TPS should be renewed! Tout sa yo sa depann ak ki zye li fè analiz sa yo. Note sa yon kote, si se ak yon zye politik, li kapab jwe kwen tann plis pase 60 jou pou ba nou yon ti TPS bout pa bout tankou ba nou 6 mwa oubyen 18 mwa se sa ki lakòz moun ki te kalifye pou lòt estati ki te pwofite konsèy mwen yo koulye a gen lòt bagay nan men yo, yo ka pa menm itilize estati sa nan dokiman yo ankò. Pou m konkli, daprè tout lojik nou toujou kalifye anba definisyon lwa sou imigrasyon an paske pa gen chanjman pozitif nan nivo sekiritè depi 2010 jouska jodi paske pa gen okenn siy tou ki prevwa yon chanjman kwake nou chaje polisye ak solda ki sòti lòt peyi pou vin ede. Tankou yon pikòp Toyota 3 pedal ki anbreye sou bak sou tèt mò Kanapevè, nou gen lontan nou pa fè avan. Bon week-end ! Genbe fèm!

Dorvilus F. Baeur

11,902 просмотров • 1 год назад

[Chip + Jika] Stare trend
0:16

Sensitive content

[Chip + Jika] Stare trend

KoArNaLi

24,192 просмотров • 1 год назад