Video yükleniyor...
Video Yüklenemedi
Ou wè video sa deja?
25,732 görüntüleme • 1 yıl önce •via X (Twitter)
32 Yorum

Minis sa gn anpil kouraj poul di verite epi poul sansiblize nou,c pa tt minis ki tap fè sa. Antouka bgy yo plis ke grav!🥺🥺

Pilitisyen ayisyen toujou ap vi n plenyen, vi n poze problèm Genlè se mwen ki la pou pote solisyon yo

Sa minis la di yo se yon reyalite, men se pa travay sa li gen pou l fè. Antanke yon minis, ou gen pou idantifye pwoblèm edikatif yo, analize yo, pwopoze eleman solisyon yo. Antanke yon minis se rezilta nap tann se pa pale anpil. Degajew konstui yon ekip pou travay.

Video saa ta dwe rive lwen ui

Nèg yo refize itilize lasyans pou yo travay, chak jou se voye monte. Yo pa gen okenn plan, okenn feuille de route. Pa gen okenn done ki disponib sou sistèm edikatif peyi a ki ka pèmèt yo fè bon jan analiz epi pran bon jan desizyon. Okenn sektè paka avanse san syans.

Se yon kout pwen anba kè wi 😞

Gad jan on seri enbesil ap joure misye ankò🤔 Nou konn konbyen lajan Leta mete nan edikasyon? Si pa gen sekirite,pa gen on seri bagay kisa yon moun ki nan ministè sa pra l k rezoud la?

Minis lan di, l'ap alète leta, minis lan pa yon responsab, yon chèf nan letaa?? minis lan genlè fou tou

Se yon prob profon nou dwe rezoud asap.

Misye ap poze pwoblèm men l pa janm pale de travay li ki ap mal fèt. Pa ka gen 50 mil ki pase sou 120 mil. Antouka, pwogram lekòl nou genyen an pa pèmèt nou konstwi modèl moun ki pou mete peyi a sou wout pwogrè. Kijan kolòn timoun 11 an ki nan 9yèm a?😂😂😂

Misye pale anpil vérité nan vidéo a sa ki montre ke pwoblem nou anpil nan peyi a. Men nan kantite timoun ki pa rive konpoze yo fok li pa bliye gen yon valé ki kite peyi a ki al nan peyi etranje

Dm mw videyo sa svp

Se lajan ki pap antre a ki fèl mal ui se pa pou kantite elèv ki pa rive yo vre non

Eske ou fòmé ti moun yo an kreyol ? Jan wap dépoze la a .

Oui

Wi aprè sa li te dwe demisyone,paske san demisyone ou parèt yon blofè,yon koken paske yon responsab pa la pouplen li la pou idantifye pwoblèm yo,pote solisyon. Lè w pa kapab ou fè yon sèl bagay ou demisyone

Se verite, pagen lekol an ayiti depi apre 2002 ou 2003. 22 lane aprè, nou gen yon jenerasyon san vizyon, san konesans. Selman fimen ak bwe kleren e pran plezi yo. Nou pedi 2 jenerasyon

Konye a se minis ou ye, ou pa k denonse ni plenyen, se aksyon

Misye ta dwe di anpil bagay vre wi men ki wòl yo menm antan chèf leta yon sistèm depi 1986 nap peze souse, kisa yo te bati pou yon demen miyò?

Dan vòlè a tankou se graf nan statistik ap vin jèbèdè bay moun. Pouki li pa fè travay li pito

Nou fini fe likidasyon kounyea nap fè digesyon bann granmoun sanwont

Rest yo algangsterizé tèt yo

Mw m félicité ministre lan pou lucidité li tout fois li nan responsabilité ministre lan pou mete éducation an sou de pyel depi après COVID-19 la éducation an dégradé nèt vin jwenn avec lkl kap tounen abri pou deplase yo fòk leta k suiv jèn yo sou yon kod depi 3eme année kin

Pa gade deklarasyon sa yo sou ton ton kritik, se yon realite minis lan ap dekri. Dènye man mw te wè yon kote moun nan tap di: li ale konpoze nan 9e a 10 zan. Kotel pase pou li ale konpoze a 10 zan. Sanksyon pou lekòl la, sanksyon pou paran.

Kisal di la ou pat konnen?

W pale anpil koze enpòtan la a. Menmsi m te ka mande sleske w pa minis nan menm gouvènman sa a kap aji mrnm jan ak gang a sapat yo. Wap jwe nan move ekip nan yon move moman nan listwa. Peoblem nan se timoun 11zan nan 9yèm mouche minis? Kesyon an se eske timoun nan kapab.

Pwoblèm yo reyèl nan sistèm edikatif Ayisyen an menm sitwayen lambda ka wè sa. Men kounya antanke minis kisa misye pwopoze pou rezoud pwoblèm yo.E youn nan bagay ki agrave sitiyasyon se ensekirite a.

Se sa reyalite a ye depi des décennies! Li dekri li kòmsa sa dwa! Men kesyon an se kisa nap fè pou sa? Antanke minis ki touche pou jere edikasyon, kisa Antoine Augustin ap fè pou sa? @MENFP_Education

Well gen on bagay tt fok nou change system education nou an fel pi fasil koz gen trop koze ki pa util anyen

Se rôle ou propose solution. Wap vinn plenyen. Kot plan ministè edukasyon pou redwi kantite eleve ki kite lekol?

🙌🏾

En conclusion, après yon mesaj parèy se ta dwe mare pakèt li ale, men domaj li kloure pi rèd kote li ye a.
Benzer Videolar
Hey ou gade video sa deja? Kisa ou panse bro?
Marc Alain Boucicault 🇭🇹
60,759 görüntüleme • 2 yıl önce
