正在加载视频...

视频加载失败

Oyeeeeeeeeeeew

108,264 次观看 • 8 个月前 •via X (Twitter)

0 条评论

暂无评论

原始帖子的评论将显示在这里

相关视频

Josh Manley
1:08

Sensitive content

Josh Manley

LoveHUGEMuscles

56,692 次观看 • 1 年前

telegram channel
0:21

Sensitive content

telegram channel

veeja

123,162 次观看 • 14 天前

Alamak najisnye
1:08

Sensitive content

Alamak najisnye

Kamal Reza

201,137 次观看 • 3 个月前

Immigration: Mwen fè yon bèl rechèch sou rezon anpil nan konpatriyòt nou yo tonbe nan entèvyou, sa pouse m detere yon videyo ki reponn ak yon pakèt kesyon ki ap gide nou byen fè monte yon dosye ak yon entèvyou azil epi ogmante chans pou nou genyen yon case paske demann azil yo pa sispann ogmante. ✔️ Anpil moun pat janm konnen sa ki azil la, sitou an Ayiti yo te menm marye mo a ak azil politik, non se pa sa selman! Se vre Ayisyen souvan tonbe anba grounds poltik men gen 4 lòt rezon ankò moun kapab kalifye anba yo. ✔️Jan nou konnen l, se vre vyolans gang yo anpil men tanpri souple li pa yon grounds. Se vre gen povrete men tanpri li pa yon agiman pou azil nonplis paske jan nou konnen l deja si te pat pou lòt rezon anpil nan nou pa tap janm vin rete isi poutèt lajan selman paske nou tap viv kanmenm kou mèt Janjak nou gen bon rezilyans. Pa itilize agiman sa nonplis paske nou sImmigration: Mwen fè yon bèl rechèch sou rezon anpil nan konpatriyòt nou yo tonbe nan entèvyou, sa pouse m detere yon videyo ki reponn ak yon pakèt kesyon ki ap gide nou byen fè yon entèvyou epi ogmante chans pou nou genyen yon case paske demann azil yo pa sispann ogmante. ✔️Rechèch yo montre tou nou souvan gen pwoblèm jwenn prèv men pou m klè ak nou, sa depann de koman nou trenen dosye nou an oubyen kiyès ki ap travay ak nou. Pou yon rapò polis, yon rapò medikal, yon rapò plent, si nou pa ka jwenn nou fòk nou eksplike ki rezon ki lakoz nou pa ka jwenn yo paske ofisye/jij lan pa Ayisyen, se nou ki pou eksplike yo. Depi mwa Mas 2023, gang Kwadebouke pran kontwòl komisarya ak tribinal la ki lakoz ou pa ka jwenn rapò polis ak plent men si w pa di kreten kap asiste istwa azil wa sa pou li note l kòm agiman, sa se fot ou tou. ✔️Se nou ki pou enfòme ofisye/jij lan sitiyasyon nou ki lakòz nou pa ka jwenn yon rapò medikal, dayè menm pi gwo Lopital peyi a pa fonksyone depi kèk jou kote w tap jwenn li. Se ou tou ki pou di ofisye/jij lan jwenn yon foto kay nan zòn Matisan ak lòt kote ankò se bagay difisil paske menm Lapolis pa mete pye yo nan zòn sa depi 3 lane. Pou rive La Jakmèl, se elikoptè yo lwe pou pase anlè. Se nou ki pou di ofisye/jij lan koman sitiyasyon an ye pou retire tout vye lide oubyen biais yo te ka gen nan tèt yo. Depi kilè yon moun ki te blese nan men te konn jwenn yon rapò medikal? Se pa tout kote, gen kèk klinik ki pa gen yon sèvis konsa. Eksplike sa paske se ou ki ap defann tèt ou. ✔️Mwen kite sa la ak denye agiman sa: Jwenn yon pwofesyonèl ede nou, pa pran chans nan yon dosye konsa! Tout sa mwen eksplike la, se nan yon Written Statement byen prepare yo dwe chita. Fòk fòm I-589 lan byen ranpli ak tout lojik kwonolojik kote menas ou te sibi yo dewoule daprè lojik. Asire nou nou aplike avan yon lane deadline lan fini menm lè ou ta aplike apre yon lane, asire w ou byen dokimante rezon ki fè ou pat aplike pandan 1 an ou te sou sòl la paske gen yon kesyon sou sa, bay agiman ki lakòz sa. ✔️Ofinal, bay verite sou sa ki te rive ou an paske ajan pa pral kesyone sa w di yo, men dwa lwa fòk ou di laverite, ou dwe di laverite jan sa te pase a. Gade videyo sa, se yon ansyen ofisye imigrasyon epi yon avoka ki fè li, se youn nan pi bon videyo ki reponn anpil kesyon nou te dwe konnen avan nou antame yon demach pou azil si tout fwa nou kalifye. Pa bliye mwen toujou pataje yon lis avoka gratis konsilte avoka nou oubyen si nou vle kontakte Web509 pou ed li,ekip sa byen solid, yo pran fomasyon pou sa menm le yo pa avoka. Amize nou epi pataje ak yon lòt. #Credit: Political Asylum Lawyer

Dorvilus F. Baeur

16,735 次观看 • 1 年前