正在加载视频...

视频加载失败

Sa ap rete Yon Klasik‼️

13,767 次观看 • 2 年前 •via X (Twitter)

0 条评论

暂无评论

原始帖子的评论将显示在这里

相关视频

#𝐁𝐫𝐞𝐚𝐤𝐢𝐧𝐠𝐍𝐞𝐰𝐬🔴: Tweet sa enpòtan pran san nou pou nou li li epi konprann li avan nou pran vye desizyon. (Sòti anlè rive anba). Se toujou konsa depi yon desizyon fèk pran nou pa rapid konnen ki fason pou nou abòde li, pi bon fason an se obsèvasyon ak pasyans. Yon ekzanp pou nou kouvri sa, mwen rete kwè menm jetblue poko konnen si yo dwe anbake moun ki sou Pwogram lan epi kòman aprè deklarasyon sa ki fè anpil pale maten an. ✔️ Premye konsèy mwen, depi ou pa resevwa okenn nòt ki di otorizasyon ou an “cancel” li toujou valad men pi bon mannyè se rete tann dènye konsiy yo, paske otorite yo ka poko “briefing “ anplwaye Cbp “overseas” yo kòman pou yo jere dosye sa apati jodi a. Nou sonje kòman anpil timoun te pèdi vòl aprè yon nòt konpayi avyon yo te kouri vole monte sou li,bri kòmkwa se sèl papa oubyen manman timoun lan ki dwe vwayaje ak li jis paske te gen yon to pwoblèm yo te rankontre pa bò isi. ✔️- Dezyèm chòz, pou tout benefisyè ki konfime , nou pa gen enterè kouri ale fè CbpOne nonplis jouska nouvèl òd, li senp si gen yon pwoblèm nan livrezon otorizasyon vwayaj, ann tann yon kòminikasyon ki di sa nou dwe fè. Nou tout konnen konfimasyon an kapab rete tann, rete tann pa kouri ale fè CbpOne pliske otorite yo ta sanble di yap rezoud pwoblèm ki pase a rapid vit. ✔️ Twazyèm epi dènye konsèy mwen ak sijesyon, pa fè tèt cho, USCIS gen kapasite pou elimine tout travèl otorizasyon, tout case ki parèt pa kòdyòm, yon fason pou fè pwosès lan vin pi rapid ak jis pou tout moun, paske menm pou nou li pa klè lè nou konnen gen yon sèl nimewo telefòn yon sipòtè ki repete nan plis pase 1000 fòm. Desizyon sa olye panike nou kapab plis ede nou, sa ki ap tann depi lontan yo ka tou jwenn chans pou dosye yo pase tou paske vagabon menm itilize non moun ki mouri deja pou fil pou moun. Pou m konkli, gen tout rezon pou USCIS pase men nan sistèm lan, sa kapab pote plis solisyon pou nou, epi lè yap pral pase vitès mete nou prè pou nou anbake! Pa bliye nou dwe kontinye mete fòm paske pou lè vitès lan ap pase pou moun nou tou andan. Pase bon wikenn!

Dorvilus F. Baeur

34,931 次观看 • 1 年前