Video yükleniyor...

Video Yüklenemedi

Ana Sayfaya Dön

Yèswa yo pran sa 😱

18,679 görüntüleme • 5 ay önce •via X (Twitter)

0 Yorum

Yorum bulunmuyor

Orijinal gönderinin yorumları burada görünecek

Benzer Videolar

#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: Tweet sa se yon rafrechi memwa, moun ki entèlijan anpil pral bookmark li, sa ki konnen enpòtans li pral pataje l ak yon lòt. Se yon rapèl sou kèk gwo pwen ki enpòtan pou nou sonje: ✔️ Peryòd renouvle #TPS lan fini, moun ki pral fè l pou premye fwa toujou kapab fè li,men sonje pi bonè se granm maten. Ou pa janm konnen si administrasyon pap chanje menm lè wap toujou kapab fè l men li ka pran plis tan. Peryòd renouvle a fini se vre men toujou gen posiblite rekou, adrese Web509 si w bezwen èd. ✔️ Yon kat travay sou TPS dire 18 mwa, yon kat travay sou Azil ba ou 5 an, pa bliye règ jwèt lan ke w te sou viza oubyen Biden...ou dwe aplike pou Azil avan 1 an pran w isi se sa lwa sou koze sa di si ou vle pwofite de li. Note sa, pami TPS, Biden, sèl azil ki bay yon wout pou jwenn rezidans pa bò isi. ✔️ Gade dat espirasyon ki sou kat travay ou an, si li manke 3 mwa pou li espire ou te dwe renouvle l avan w wè tweet sa, tanpri pa kite malè kat travay espire rive w pa bò isi paske menm pèmi pou kondwi se menm dat lan ki sou li. HR nan travay ou an pap pran pawòl wap ba li yo paske se USCIS E-Verify ki kontwole si kat ou valid oubyen non. ✔️Tout bèl Tesla ou wè yo, tout gwo kay yo, tout gwo biznis yo, anfen tout siksè ou wè yo se yon siskè aparan, mwen di nou sa paske ou pa kapab bouje isi san KREDI. Se kredi ki pou fè w woule yon vye bogota oubyen lwe yon estidyo pou rete. Gen konferans aswè a pou moun ki vle aprann bati kredi yo si sa enterese mwen ka mande kèk plas pou nou, li kreyòl tou. ✔️Pa pran chans pran lanmè pou vini isi, fè yon pwòch fil HHP pou ou si w vle vini isi legalman. Wout fwontyè se wout tèt chaje, pa gen okenn garanti wap reyisi nonplis. Jan m di l anlè a, fè fil #Biden pou ou, veye lè #PIP an ap mache fè fanmi w fil pou ou. Sèlman moun ki konprann mesaj sa ki pral pataje li, mwen swete ou se youn ladan yo. Bon Jedi tout moun! #Immigration

Dorvilus F. Baeur

14,417 görüntüleme • 1 yıl önce