
Fédération Haïtienne de Football
@fhfhaiti • 107,467 subscribers
Compte Twitter Officiel de la Fédération Haïtienne de Football
Shorts
Videos

1974 se te yon etap. 2026 se te pasaj. Rèv la, se demen! Pou n rive la, nou bezwen yon ekip solid, yon pèp fyè ak yon antrenè ki gen anbisyon pou ale lwen. FHF ap prezante nou nouvo antrenè Grenadye yo : David Badia! An n fè konesans ak nouvo kapitèn bato a!
Fédération Haïtienne de Football93,103 görüntüleme • 2 ay önce

Grenadye yo sot ekri yon lòt bèl paj nan istwa foutbòl Ayisyen an. Yo jwe ak kè, ak karaktè, epi yo kite teren an tèt yo byen wo. Se pou viktwa sa a rete yon sous fyète ak kè kontan pou tout Ayisyen. N ap kontinye fè listwa. GRENADYE ALASO! 💙❤️
Fédération Haïtienne de Football13,219 görüntüleme • 24 gün önce

Grenadye yo te antre sou teren an ak fyète, disiplin ak menm lespri 1804 la k ap gide chak mouvman yo. Match istorik kont Nouvèl Zeland lan se te yon deklarasyon fòs, yon demonstrasyon karaktè, yon mesaj klè pitit tè a voye bay mond lan. Ayiti pare, Ayiti ap kontinye ekri listwa.
Fédération Haïtienne de Football38,486 görüntüleme • 4 ay önce

62 seleksyon, 2 gòl, 17 fwa kòm kapitèn. 3 kanpay Mondyal, 4 Gold Cup, 1 Coupe Caraïbes, 3 Lig Nasyon CONCACAF, 1 Mondyal 2026. Yon jenerasyon, yon eritaj. Ou te goumen, ou te kanpe, ou te sèvi. Epi ou te la lè Ayiti te retounen nan Mondyal la apre 52 lane. Mèsi pou tout bagay!
Fédération Haïtienne de Football14,452 görüntüleme • 1 ay önce

Premye match. Premye viktwa. Premye mesaj. Grenadyèz yo lanse fenèt FIFA mwa jen an ak yon viktwa 2-1 sou Nouvèl Zeland. Detèminasyon, solidarite ak enèji medam yo fè diferans lan. Kounye a, je yo fikse sou pwochen defi a. Gine Ekwatoryal, pare kò w !
Fédération Haïtienne de Football29,662 görüntüleme • 4 ay önce

Pafwa, rezilta a pa rakonte tout istwa a. Grenadye nou yo te jwe ak tout kè yo pou drapo a. Mèsi ak tout pèp ayisyen ki te kanpe bò kote ekip la depi premye kout siflèt la jouk dènye segonn nan. Sa nou bati ansanm lan se fondasyon pou sa k gen pou vini. Nou tout se Grenadye! 🇭🇹
Fédération Haïtienne de Football11,439 görüntüleme • 4 ay önce

Ann tande Grenadye Martin Experience k ap pale nou de chimen l 🇭🇹
Fédération Haïtienne de Football11,731 görüntüleme • 4 ay önce
52 lane apre, vwayaj la kontinye. Malgre pikan sou chimen an, nou pa t janm kase tèt tounen. Jodi a, ak rèv tout yon nasyon nan djakout nou, nou rive Boston pou premye etap sa a nan Mondyal la. Premye batay la se samdi kont Ekòs, men pou nou, match sa a te kòmanse depi 52 lane.
Fédération Haïtienne de Football10,333 görüntüleme • 4 ay önce
Daha fazla içerik yok.