
Yaya Ofisyèl🇭🇹
@YayaOfisyel • 61,058 subscribers
Journalism 📰 • Media 📡Articles 🔥 | Analyse 📌 | Actualité Épicée🌶️ |🗳️ Politique | 🎭 Culture |🕵🏽♀️ Vérité 📩 [email protected] | 📞 +509 49301450
Shorts
Videos

TPS | Ayiti | Deklarasyon Megyn Kelly Megyn Kelly se on prezantatris/ animatris ki te vinn popilè sou Fox News. Li te gen emisyon li sou Fox ki terele The Kelly File. Men Deklarasyon li sou ayisyen ki pèdi TPS yo. “Ale lakay nou! Soti! Ameriken konnen peyi yo pi bon pase peyi nou an. Peyi nou pi bon paske se nou menm ki fèl bon gras ak etik travay nou, kilti nou ak valè nou. Lè nou (ayisyen) la, nou diminye tout sa nou te redi fè. Nou pa vle nou. Nou pa pran bezwen konnen si sa ofanse nou. Soti. Ale lakay nou. Tounen Ayiti.” Yon deklarasyon ki mete rezo yo an boulvès. Eske madanm nan gen rezon?
Yaya Ofisyèl🇭🇹54,491 Aufrufe • vor 2 Monaten

Yon etidyan pran bal, jodi mèkredi 1 jiyè a, nan zòn Boudon. Viktim nan te fè pati yon gwoup etidyan nan Fakilte Medsin ki te desann nan lari pou mande relouvri Lopital Jeneral. Manifestasyon sa a, ki se yon lòt mobilizasyon ankò bò kote etidyan medsin yo, tap pran direksyon Primati nan zòn Miso pou pote revandikasyon yo. 🎥:Passion Info Plus
Yaya ⚽️fisyèl🇭🇹23,506 Aufrufe • vor 2 Monaten

Ansyen Minis Afè Etranjè an,Dominique Dupuy tap distrèl nan Tabou Combo.
Yaya Ofisyèl🇭🇹25,714 Aufrufe • vor 3 Monaten

Non, sa wap gade la, pa ekipman lapolis, ni se pa zam pou lame a. Se Chèf TEWORIS LANMÒ SAN JOU kap montre yon pati nan Asenal li. Kesyon ki enpòtan pou poze: poukisa se kounia lap fè sa? Pandan lapolis ap fè on pakèt bèl avanse? Eske se on fòm entimidasyon? Yon jou , la jou!
Yaya ⚽️fisyèl🇭🇹23,923 Aufrufe • vor 3 Monaten

📍Etazini | Yon Jij Federal ap fè sèks nan biwo li nan lè travay Ozetazini, yon envestigasyon sou konpòtmwn yon jij federal ap fè anpil bri apre yo dekouvri li renmen ak yon ansyen responsab lapolis, li ta menm rive fè bagay avèk li nan biwol plizyè fwa nan lè travay li. Jij la, Eleanor Ross ansanm ak ofisye polis la Kelley Collier renmen depi 2 lane. plizyè anplwaye tribinal la pote plent paske yo estime anviwònman travay la pa pwofesyonèl. Anplwaye yo te konn tande son ki montre aktivite entim pandan lè travay, sa ki vinn mennen yon envestigasyon. Okòmansman Ross te demanti akizasyon yo, men li te finalman rekonèt relasyon an pandan ankèt la. Malgre gravite akizasyon yo, otorite jidisyè pa revoke jij la, li kontinye nan travay li , yo jis reprimandel an prive. #YayaOfisyèlLòtBòDlo
Yaya ⚽️fisyèl🇭🇹18,724 Aufrufe • vor 3 Monaten

📍Kwadeboukè | Teworis ap distribye materyèl pou peyizan travay la tè. Nan yon videyo ki viral sou rezo sosyal yo , Chèf Teworis Kwadèboukè a , Lanmò 100 jou fè distibisyon kèk materyèl pou peyizan travay la tè. Pami materyel sa yo genyen wou,pèl manchèt elatriye. Kijan on kriminèl ke lajistis ak tou leta ameriken ap chèche aktivman fè alèz poul nan fè distribisyon materyèl sa yo?Kijan yo fè pa tou marel? Kijan moun yo fè al chita devanl? Kote sa prale?
Yaya ⚽️fisyèl🇭🇹12,842 Aufrufe • vor 2 Monaten

Jodi 6 avril 2026 la , blòk 4è nan apremidi se premye fwa gen dwonn ki lage nan fyèf gwoup TEWORIS GRAN GRIF SAVYEN yo nan LATIBONIT. Gen yon manm enfliyan gwoup teworis sa ki pase a lenfinitif pandan atak dwonn sa. Misye rele Ti BÈDÈ. Gen 5 dwonn ki lage pandan operasyon sa.
Yaya ⚽️fisyèl🇭🇹23,602 Aufrufe • vor 4 Monaten

🚨🚨Nan peyi Dominikani on dam, on ayisyèn ki se kesyè nan on magazen tire sou plizyè moun nan magazen lap travay la. Ensidan sa rive apre kèk kòlèg li al di patwon an (on chinwa, non se pa moun Wendy yo,) ke dam nan se madanm yon chèf gang Ayiti. Chinwa deside revoke dam nan. Saw tande a goumen pete ant moun ki denonse yo ak dam nan. Sekirite vinn separe, pandan sekirite ap separe dam nan dezamel, li bay plizyè moun bal. Li te nan diskisyon ak moun ki denonsel yo e san nan mitan diskisyon an poul bay lòt anplwaye yo presyon li fè yo konnen li se madanm chèf gang.🚨🚨
Yaya ⚽️fisyèl🇭🇹28,595 Aufrufe • vor 7 Monaten

🇭🇹 Men pwen ki make semèn sa an Ayiti. Nan epizòd sa: ⚖️ Nouvo devlopman nan dosye Jovenel Moïse 🚔 Operasyon PNH yo 🚨 Ensekirite kontinye frape Site Solèy 🇺🇸 Desizyon sou TPS pou Ayiti ⚽ Epi yon dènye gade sou pakou Grenadye yo nan Mondyal 2026 la Mèsi paskew gade epi pataje 🙏🏽💕 Prezantasyon: Sandina N. Dépas
Yaya ⚽️fisyèl🇭🇹10,425 Aufrufe • vor 2 Monaten

📍Matisan | Lapolis boule SATAN 3 Jodi mèkredi 3 Jen 2026 la Matisan te an boulvès polisye ki tap mennen operasyon nan zòn nan te an detrès a koz Satan 3 , yon anjen lou ki ede nan debloke ak debleye lari ki pran pàn san zatann. Polisye ki te abò Satan 3 yo voye mande ranfò plizyè fwa pou deplase Satan 3 ,men ranfò pa janm vini. Se pito lòd ki soti nan wo kòmandan lapolis la pou boule li pou evite Gwoup TEWORIS nan zòn nan itilizel ki vinn jwenn ajan ki tap mande èd yo. Lapolis menm soti on nòt pou konfime se yo ki fè boule li. Te gentan gen 2 vèsyon kap sikile sou rezo yo: - Teworis Boule cha a -cha pran dife a koz on chòk elektrik. Kesyon ki ap poze san rete se eske boule on anjen ki itil konsa fè sans?
Yaya Ofisyèl🇭🇹12,873 Aufrufe • vor 3 Monaten

Gen gwo zen nan vil Okay, a koz yon pastè ki vann yon legliz ki te ap fonksyone depi 20 lane. Pastè a rele Dasmy Mario, dapre temwanyaj misye vann espas la bay yon moun nan peyi etranje pou 60 mil dola ameriken. Britsoukou pandan fidèl yo ap fè jèn, yo wè kamyon pote materyo pou konstwi kay nan lakou legliz la. Fidèl yo met tèt yo ansanm pou ale devan pakè Okay, jodi jedi 30 avril 2026 la, kote yo depoze plent pou kanpe anfas desizyon vann legliz la. Moun ki te fè kado tèren kote legliz la chita kòl la te makonnen ak fidèl yo nan demach la,pou fè pakè a konprann pastè a pa gen papye tè, kidonk li enposib poul vann legliz la. 🎥: Amos Info
Yaya Ofisyèl🇭🇹16,130 Aufrufe • vor 4 Monaten

‼️‼️‼️Deklarasyon Konseye Prezidan Leslie Voltaire sou dosye revokasyon Premye Minis Didier Fils Aimé. ‼️‼️‼️
Yaya🇭🇹23,109 Aufrufe • vor 7 Monaten
